Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Kolonyalis pa prokirasyon: Loksidan ap sèvi ak nasyon Afriken sa a kòm yon konplis enperyal 

AFP Sòlda Kenyan yo kite Repiblik Demokratik Kongo, 3 desanm 2023 (imaj ilistrasyon).

AFP Sòlda Kenyan yo kite Repiblik Demokratik Kongo, 3 desanm 2023 (imaj ilistrasyon).

 

 

Pòtoprens, Ayiti 25 desanm 2023 -Tinouvel.com 


Tradiksyon Tinouvèl atik Russia Today 

Dr Westen K. Shilaho


Kolonyalis pa prokirasyon: Loksidan ap sèvi ak nasyon Afriken sa a kòm yon konplis enperyal 


Sou demann Lèzetazini, gouvènman Kenya a te dakò pou dirije yon fòs sekirite entènasyonal ann Ayiti. Li gen anpil chans pou l fini nan yon echèk, paske li avèg an fas ak menas ekzistans   peyi a epi li riske yo stimatize  l tankou  yon fòs okipasyon.


Mwa pase a, lejislatè Kenya yo te apwouve yon plan pou voye 1,000 polisye ann Ayiti sou pretèks yo pral vinn  konbat vyolans gang yo ak retabli lalwa ak lòd, nan kad Misyon Sipò pou Sekirite Entènasyonal ann Ayiti, ki resevwa soutyen Nasyonzini. 


Misyon an, ki ta dwe dire alagan 12 mwa jwenn otorizasyon li nan rezolisyon Konsèy Sekirite 2699 la (2023). Sou demann Lèzetazini, gouvènman Kenya a te dakò pou l dirije fòs sekirite entènasyonal sa a pou estabilize peyi Karayib la kote zak kriminèl paralize nèt. Dènye deteryorasyon sitiyasyon  ann Ayiti, ki se peyi ki pi pòv nan emisfè nò a, se asasina Prezidan Jovenel Moïse nan mwa Jiyè 2021.


Peyi a nan latwoublay depi apre  endepandans li an 1804. Ayiti se te premye nasyon nwa ki pran endepandans li nan  batay e kite yon gou   anmè jodi a nan bouch yo ,akòz li libere tèt li anba esklavaj . Sa ki ta dwe yon senbòl rezistans  Nwa yo ak viktwa yo sou dominasyon enperyal la, yon nasyon Nwa istorik ak gason vanyan , vinn redwi kounye  a ak yon senp metafò  vyolans, dezòd ak enstabilite politik. Pousantaj omisid Ayiti a tèlman wo  esperans lavi fèt sou "kondisyon 24 èdtan renouvlab  ."sa ki pired la  dezas natirèl yo agrave l plis toujou.


Netralize neokolonyalis la


Sepandan, menas ekzistansyèl ki peze sou estabilite Ayiti a chita nan pratik   ansyen kolonizatè li yo  Lafrans  ak Etazini ap fè pou detwi souverènte li. Pandan plis pase yon syèk, Lafrans piye resous peyi a nan  fòse l peye pou korije yon swadizan  pèt esklav li yo ak koloni li an. Piyay yo  te kreye yon vid nan estrikti leta a, efase kapasite li epi vinn ranm Ayiti pòv. Anpil koudeta,  kèk  yo te  fèt sou lobedyans Lèzetazini, te kreye plis enstabilite. 


Pou Ayiti vinn estab ,li  dwe netralize  enperyalis yo ak neokolonyalis yo . Entèvansyon mal prepare LONI yo te echwe depi nan derapman li   paske solisyon militè pa ka rezoud pwoblèm Ayiti, e nouvo entèvansyon sa a gen anpil chans pou fini menm jan parèyman. 


Desizyon Kenya pou deplwaye lapolis ak lòt pèsonèl soutyen li yo  ann Ayiti lakòz yon reyaksyon mi-fig mi-rezin  nan peyi a. Gouvènman an ensiste sou yon obligasyon "entènasyonal" pou kontribiye nan estabilize Ayiti, yon zile ki gen yen yon kominote Afriken. Ekspresyon "nòm entènasyonal yo" omniprezan nan mitan elit Kenya a, montre yon mantalite ewosantrik ki makonenn  ak oksidantalizasyon ak modènizasyon. 


Kenya, "tchoul " Washington?


Kritik yo ap  kesyone   sajès ki nan desizyon  Kenya pou deplwaye polisye li yo  ann Ayiti, aloske lakay li  chaje ak  pwoblèm ensekirite . Depi Kenya te  dakò pou dirije misyon sa a, li te tou pran pozisyon  kont Pan-Africanism lan . Kenya konsidere kòm yon lakè ,yon tchoul  Etazini pou tèt li chwazi mine ,kraze souverènte  yon peyi nwa, pou pèpetye enperyalis la ak okipasyon an. Kenya sitou motive ak lajan Meriken yo. 


Nairobi ap prepare pou l resevwa 100 milyon dola Washington te pwomèt la. Peyi Afriken an di lajan sa yo dwe debloke anvan operasyon an kòmanse. Natirèlman, lajan sa a pa ka korije defisyans enstitisyonèl yo nan Polis Kenya ni repare pou evantyèl  moun kap mouri ak  blese  pami apeprè 1,000 pèsonèl yap genyen an. Pou sinik, Kenya  vann tèt li bay enperyalis la. 


Entèvansyon pase yo pat kontribve  nan amelyore sekirite ann Ayiti. Soti 2004 pou rive 2017, youn nan egzanp yo se misyon mentyen lapè Nasyonzini Brezil tap dirije a ki te deplwaye ann Ayiti apre kidnapin ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide. Misyon sa a pa reyisi pote okenn  chanjman, e  ti pwogrè zuit li yo te disparèt akòz move eritaj yo te kite .Anpil akizasyon te tonbe sou Solda mentyen lapè sa yo tankou vyòl, abi  seksyèl, ekstòsyon ak ekzekisyon devan dèyè.Lajistis te kondane misyon an tou pou tèt li  kontamine dlo potab nan peyi sa a ki lakòz kolera tounene te touye plis pase 10,000 moun .  Nasyonzini te refize pran responsablite pou atwosite sa yo. 


Kidonk, Ayisyen gen rezon ensèten e yo kontinye  ap reziste kont nenpòt fòm entèvansyon militè nan peyi yo. Malgre yo resevwa fòmasyon pou kenbe lòd piblik epi sitou pou fè fas ak sivil san zam (eksepte pou polis la, se bandi ak lòt kriminèl  ki gen  zam), lapolis Kenya a gen yon dosye terib sou do  yo nan zafè  dwa moun. Li souvan enplike nan ka itilizasyon twòp fòs kont popilayon li yo   san nou pa mansyone li toujou fè tèt di, li toujou ap reziste anba sipèvizyon sivil. Se poutèt sa ,li konik anpil wè se la polis sa a ki responsab retabli estabilite an Ayiti, yon peyi ki te ravaje ak  konfli.


 Dezòd ak kayo ann Ayiti 


Ayiti chaje ak zam ak plizyè santèn gang krimnel  k ap goumen pou teritwa. Gang sa yo pèfeksyone nan ekstòsyon, kidnapin, tòti, vyòl, lenchaj, bloke  wout pou mande lajan, ak ekzekisyon ekstrajidisyè ak somè . Vyolans gang vinn  san kontwòl e ap gaye nan tout  zòn , li kite Pòtoprens pou tabli nan zòn ki te jiska kounye a te gen yon ti sekirite . Kòm konsekans , moun ki pè yo ap deplase pa banm e pa pakèt pou al chèche refij nan zòn riral yo ak lòt zòn ki lwen.


Kèk Ayisyen ap kite peyi a. Sitiyasyon sekirite ann Ayiti ap deteryore rapidman. Gouvènman an akable ,li san espwa, li pa okenn otorite li epi Ayisyen konsidere kòm yon panten  etranje yo enpoze yo. 


Li pa klè tou sou ki jan polisye Kenya yo pral  sipoze reyalize misyon sa yo. Ayiti se yon teren mine ki pral sètènman teste kapasite  moun sa yo.Otorite Kenya yo te di anvan yo debake,  anplwaye li yo pral pran  fòmasyon. Yo pral aprann franse debaz  ,yap  san dout bezwen pou genyen kè  ak lespri abitan  yo.Se pi devan nap konnen si preparasyon akselere sa a  te itil yo ase.


Gwo kè kontan gouvènman Kenya a pou operasyon pa jwenn soutyen tout aktè politik Kenya yo. Sistèm jistis kenyen an bloke deplwaman polisye ann Ayiti, paske pandan odyans lan petisyonè yo ki te depoze dosye sa a di gen dout sou pwogrè plan sa a. Yo te montre nan tribinal la, konstitisyon Kenya a bay  sèlman militè dwa pou yo deplwaye nan yon peyi etranje e  lapolis kenyen an pa gen konpetans operasyonèl pou jere sitiyasyon sekirite an Ayiti. 


Se nan mwa janvye 2024 tribinal la prevwa pou statye sou dosye a E ki ap yon obstak minè pou gouvènman an paske tribinal la pa pral deside kont deplwaman an, sitou paske Prezidan William Ruto kap dirije operasyon an gen gwo sipò anndan Asanble Nasyonal la. Anplis de sa,  se sou inisyativ  Etazini li te fè demand lan .


Bouch louvri sou kesyon fòs sekirite entènasyonal a montre Kenya se yon alye Loksidan , ki souvan anbarasan ,jenan. Lèzetazini ak alye Ewopeyen li yo konte sou Kenya nan sa yo rele lagè kont teworis nan Afrik lès ak kòn Lafrik la, ansanm ak lòt operasyon sekirite atravè mond lan, kèk ladan yo pa kredib e gen anpil dout sou yo- nan Somali, Repiblik Demokratik Kongo, Ayiti. Klèman, misyon sa a ann Ayiti montre yon pati nan elit politik Kenya pa gen konsyans sou sa peyi sa a Reprezante .Se kòmsi yo inyore wòl santral ak irepwochab Ayiti nan batay pou liberasyon ak libète moun nwa yo. Kidonk, gouvènman Kenya a sanble pa reyalize ensekirite ann Ayiti ale pi lwen pase yon senp vyolans gang e yon solisyon tanporè k ap mete bòt sou kou tè sa pa ka siprime li. 


Ayiti se yon defi istorik pou tout tan gen tan pou Etazini ak Lafrans . Yo  pilonnen souverènte Ayiti a, yo te frennen pespektiv ekonomik li yo grasa ak piyaj yo, yo te toujou  sipòte otokrat e yo menn te òganize koudeta ki, nan kèk ka, te konn mennen nan asasina prezidan an fonksyon. Lèzetazini  favorize nan voye gwo zam gwo kalib ann Ayiti pou gang itilize pou fè ravaj ak detwi peyi a. 


Tout zak sabotaj sa yo te plonje Ayiti nan boulvèsman total kapital . Pou retabli diyite Ayiti, kanpe efondreman leta a, epi prezève estati sakre li kòm premye nasyon nwa a, yo dwe sispann  profanasyon souverènte li. Loksidan  dwe kite enstitisyon li yo travay pou pou rann Ayisyen pi pwisan, pou kwape eskandal povrete  a e pou goumen kont dezespwa. Kèlkeswa tan misyon sekirite entènasyonal  Kenya a ap dirije ann Ayiti ap dire, yon fwa li deplwaye li gen anpil chans pou l bay menn rezilta ak misyon pase Nasyonzini tap apiye yo . Li gen anpil chans pou l fini nan yon echèk total paske li avèg an fas ak menas ekzistans   peyi a epi li riske yo stimatize  l tankou  yon fòs okipasyon.

 

 

Nòt : Orijinal Atik sa a te pibliye  sou RT an angle pa Dr Westen K. Shilaho, pwofesè syans politik ak relasyon entènasyonal, chèchè prensipal nan Enstiti  Pan-Afriken Panse ak Konvèsasyon nan Inivèsite Johannesburg. 

tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article