Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Pierre Espérance mande Gouvènman defakto Ariel Henry arete Guy Philippe ak Jeantel Joseph 

Guy Philippe ak Jeantel Joseph  imaj achivGuy Philippe ak Jeantel Joseph  imaj achiv

Guy Philippe ak Jeantel Joseph  imaj achiv

Pòtoprens, Ayiti ,27 Janvye 2024-Tinouvel.com


Ayiti-Politik


Pierre Espérance mande Gouvènman defakto Ariel Henry arete Guy Philippe ak Jeantel Joseph 


Direktè egzekitif RNDDH a, Pierre Espérance mande pandan yon entèvyou ak Assade Volcy, Gazette Haiti News, jedi 25 janvye, pou otorite leta yo pran tout dispozisyon ki nesesè pou arete ansyen lidè rebèl Guy Philippe,li raple Guy Phillipe se yon kadav politik, yon trafikan dwòg .


Pierre Espérance rete konvenki  ekip ki sou pouvwa dwe arete tou  ansyen direktè Jeneral ANAP Jeantel Joseph ki ap founi ansyen lidè rebèl  yon soutyen ame pou vanse nan plan destabilizayon li an.


Pandan yon entèvyou ak Radyo Magik9 jedi 25 janvye a, Mesye Espérance te dekalre “Bandi, trafikan dwòg, moun ki enplike nan blanchi lajan pa ka chanje peyi a, pa ka fè yon revolisyon. Sèl revolisyon yo kapab se pran Leta daso , febli li plis pou kontinye fè viktim  epi agrave sitiyasyon an nan peyi a”. 


Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article