Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens ,Ayiti ,2 janvye 2024 -Tinouvel.com
Opinyon
Pwomès ak ve pye Ariel Henry yo pou ane 2024 la
Chak kòmansman ane, dirijan politik yo toujou eksprime ve pou pèp ayisyen yo ak pou peyi zanmi li yo.Ve ak Pwomès sa yo toujou makonen ak selebrasyon fèt endepedans pou montre volonte yo genyen pou chanje sa yo pa rive chanje ou pa ka chanje pandan 365 jou yo tap dirije peyi a.
Pandan yon diskou televize ki apen dire 2 minit 50 segonn,Premye Minis a te vle vire paj yon ane kriz ,pou soti Ayiti nan move monan ane 2023 e souhete an 2024 Ayiti ap" rekonekte ak fyète li "Ariel Henry ,pwomèt "yon ane kwasans, chanjman ak òganizasyon eleksyon pou renouvle pèsonèl politik"la.
Se nan diskou ofisyèl pou selebrasyon 220yèm anivèsè endepandans la nan Mize Panteon Nasyonal la, jou lendi 1ye janvye 2023, Premye Minis Ariel Henry Bay santiman kòmsi lap kòmanse yon manda kòm chèf leta eli aloske li gen 2 zan li te sou pouvwa san yo yon opozisyon radikal anfas li.
Li pat fè anyen pou rezoud pwoblem sa yo .Premye Minis Ariel Henry souliye obligasyon pou l leve gwo defi peyi a pandan ane 2024 la ak nesesite pou peyi a pran kontwòl desten li. Ariel Henry kwè jou a rive pou Ayiti soti nan ensekirite ak lamizè.
Premye Minis pwomèt : "Ane 2024 la, kè kalm, tèt frèt n ap ka rekòmanse sikile nan tout katye nan kapital la, e nan tout zòn nan peyi a".
"Tout danmijann gen bouchon l. Sak vle fè nou pè a, gen pou jwenn bouchon pa l tou".li te deklare
Se yon objektif ki anbisye , yon panse ki karakterize pa yon ilizyon, lè li kwè li ka retire Ayiti anba kontwòl gan yo san pa gen volonte politik ni li pa defini okenn strateji pou sa a.Li pa menn gen kouraj pou te deplore kontèks ane 2023 ki te peryòd ki te pi difisil nan lavi pèp ayisyen ak asasina ,masak ,kidnapin ak teritwa kap kontinye pèdi.
Ariel Henry kontinye ap miltipliye pwomès .Li pale kòmsi li ta pral lanse premye kanpay elektoral li e li pa t janm gouvène peyi a, li te deklare:"Nan nouvo ane k ap vini an, nou dwe kontinye travay ansanm pou ranfòse ekonomi kote sektè prive a se motè a, amelyore gouvènans ak ankouraje estabilite".La doktè Ariel Henry montre "dekoneksyon total li ak pèp la"Li pa di yon mo sou enflasyon an, sou manje kap monte, sou rarete dola sou mache a. anyen pa di sou degradasyon sosyo ekonomik lan,pri asirans machin ,pri bodro dwan yo ap ogmante ,li pa wè yon moun nan popilasyon ayisyèn lan depi lontan. Anpil obsèvatè panse si li pat gen anyen pou di ayisyen yo pito l pat pale.
Mesye Ariel prefere dirije ak zanmi l pou enterè zanmi li yo . Konsènan kriz politik la, Ariel pale"…enpèfeksyon nou yo, difikilte nou genyen pou youn fè lòt konfyans, pou nou pale youn ak lòt, pou nou mete tèt yo ansanm pou ofri peyi meyè de nou menn" si sa pa rive fèt Henry pwomèt "pou l avanse ak moun ki vle "rezoud kriz la.
Pandan de 2 zan gouvènman defakto Ariel Henry jenere imobilite ,Inaksyon nan tout aktivite ekonomik ak politik ,lajistis pap travay vre ,fo pwomès mete pèp ayisyen nan rete tanm pandan tout 2023.Li vini ak yon seri ve pou 2024 ki vle fè kwè ayisyen yo enkapab pou rezoud yo pou kont yo e li plis prefere lage avni peyi nou sou yon swadzan kominote entènasyonal ki pral sove nou.Vèkèlè!!!
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel