Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Espay ,jedi 22 fevriye 2021 -Tinouvel.com
Lajistis nan peyi Espay kondane Daniel Alvès pou pase kat lane edmi nan prizon pou vyòl
Ansyen entènasyonal brezilyen ki te jwe nan Barça ak PSG jwenn kondane jounen Jedi 22 fevrye 2024 la pou vyòl li te komèt an 2022 sou yon jèn fi nan yon nayklib nan vil Baselòn, daprè sa tribinal la anonse.
"Viktim nan pa t dakò epi gen prèv ki ale pi lwen pase temwayaj moun ki pote plent lan, ki pèmèt nou konsidere vyòl la kòm pwouve," tribinal la ekri nan yon nòt pou laprès Jedi sa menm.
Deklarasyon devan dèyè Alvès kondane l
Jwè foutbòl la ki fèmen nan kat miray depi plis pase yon lane, kondane tou pou l peye 150,000 Ewo ak viktim nan, senk ane libète siveye apre li fin pije santans li ak pou l rete lwen viktim nan pandan nèf ane edmi.
Pandan jijman an, Alvès te rejte akizasyon vyol la, an menm tan li te ensiste pou di li te sou gaga jou swa sa. Men,sa pat ase pou defans li te paske li chanje pawol, sa li te bay pandan entèwogasyon se pa sa li di tribinal la. Anplis li te di nan kòmansman mwa janvye 2023 li pa t janm rankontre moun ki pote plent lan, pou jistifye manti l bay li esplike li te vle pwoteje maryaj li, apre li te fini pa rekonèt se te yon relasyon seksyèl yo tou de te aksepte.
Lajistis te mande nèf ane prizon, avoka pleyan an te mande douz. Tout de pati yo gen opòtinite pou fè apèl.
Yves Pierre
yvespierre@email.com
@_tinouvel