Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Burkina mete twa diplomat franse deyò nan peyi a pou "aktivite sibvèsif."

Burkina mete twa diplomat franse deyò nan peyi a pou "aktivite sibvèsif."

Burkina Faso ,18 avril  2024  --Tinouvel.com


Pataje atik la


Burkina mete twa diplomat franse deyò nan peyi a pou "aktivite sibvèsif."

Ministè Afè Etranjè Burkinabè nan yon nòt diplomatik li voye bay anbasad fransè a nan Ouagadougou ke yon kopi rive nan Ajans Frans Près (AFP) jodi Jedi a, deklare gen twa diplomat franse "yo deklare persona non grata sou teritwa Burkina Faso, pou aktivite sibvèsif." 

Gouvènman an "mande pou yo kite teritwa Burkina Faso nan pwochen 48 èdtan yo," dapre sa nòt la ki pote date Madi 16 avril 2024 presize.

Twa diplomat yo se Gwenaëlle Habouzit, Hervé Fournier ak Guillaume Reisacher, dapre ministè Burkinabe a.

Dapre AFP, Ministè Afè Etranjè franse nan Pari pat vle fè okenn komantè.


Premye desanm 2023 pase a, kat ofisyèl fransè - ajan entèlijans dapre otorite Burkinabè yo, teknisyen antretyen òdinatè dapre yon sous diplomatik franse - te jwenn arestasyon yo nan Ouagadougou kote lajistis te enkilpe yo epi jije, kondane yo apre fèmen yo nan prizon, dapre yon sous franse.

Yo lakay yo, men anba siveyans lapolis dapre sous sekirite nan Burkina.

Yon lane anvan, nan mwa desanm 2022, gouvènman Burkinabè a te mete de fransè ki tap travay nan yon konpayi Burkinabè deyò pou aktivite espyonaj.

Yves Pierre
yvespierre@email.com
@_tinouvel

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article