Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Chèf lame Kenya ansanm ak plizyè lèzòt wo grade militè mouri nan yon aksidan elikoptè

Chèf lame Kenya ansanm ak plizyè lèzòt wo grade militè mouri nan yon aksidan elikoptè

Kenya ,18 avril  2024  --Tinouvel.com

 

Pataje atik la


Chèf lame Kenya ansanm ak plizyè lèzòt wo grade militè mouri nan yon aksidan elikoptè

Prezidan kenyen an, William Ruto, anonse jounen jedi 18 avril la, lanmò chèf lame Kenya a, Francis Omondi Ogolla, ansanm ak nèf lòt ofisye militè. Yo mouri nan yon aksidan elikoptè nan lwès peyi a toupre fwontyè ak Uganda. Se yon "aksidan trajik", dapre chèf leta a ki ajoute de moun te soti vivan nan aksidan sila.

Prezisan Ruto deklare twa jounen dèy nasyonal.

Jeneral Ogollabtap fè yon virewon nan rejyon lwès peyi a kap pase yon kalvè anba bandi nan zòn nan. Pèsonn pa konnen rezon ki lakòz aksidan an. 

Jeneral Ogolla, 61 lane, te rantre nan fòs lame Kenya sa gen 40 lane. Li te diplome nan “École Militaire de Paris”, “National Defense College of Kenya”, “Egerton University ak University of Nairobi”. Li te nonmen Chèf Fòs Defans Kenya nan mwa avril ane pase apre Jeneral Robert Kibochi te al nan retrèt.

Yves Pierre
yvespierre@email.com
@_tinouvel

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article