Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti 25 avril 2024 --Tinouvel.com
Pataje atik la
"Enstalasyon Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl nan Palè Nasyonal : Divèsyon ou estrateji pou evite yon beny san...
Laprès nasyonal pat okouran si seremoni pretasyon sèman manm CPT yo tap dewoule jedi maten 25 avril la an nan Palè Nasyonal .Fwa sa a sekrè te byen kache .Se te yon kout sipriz pou anpil moun , gang ame "viv ansanm" ak popilasyon Pòtoprens pou te senp konstate yon gwo dispozitif lame ak lapolis te mete pou te kadriye perimèt Palè Nasyonal ki te teyat depi kèk jou afwontaman ame ant gwoup ame "viv ansanm "ak fòs lòd yo.
Ensekirite te rete yon gwo defi pou enstalasyon CPT nan Palè Nasyonal la.Bandi ame te fè anpil menas nan objektif pou te anpeche tout seremoni fèt nan Palè Nasyonal ki se senbòl prezidans lan.Malgre konseye Lesly Voltaire te anonse seremoni enstalasyon manm Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la ap fèt nan Palè Nasyonal apre yon vizit dèlye delegasyon Konsèy Prezidansyèl ki te akompaye ak ansyen Kolonèl Himmler Rébu ,lendi 22 avril la , pou te evalye ak eksplore tout perimèt sekirite yo,yon nòt pou laprès CPT te anonse nan madi sewemoni yo ap fèt nan Villa dakèy , nan Musseau .
Depi jou sa a tout je te brake sou Biwo Premye Minis nan Villa dakèy ki ta pral resevwa seremoni pretasyon sèman ak enstalasyon Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la, men jedi 25 avril kontrèman ak ansyen kominike CPT a ki te di Palè Nasyonal pa andwa ideyal pou sewemoni yo fèt men an kachèt yo te pran tout dispozisyon e te mete kanpe yon plan sekirite ki te bay bandi ame yon bwa long kenbe pou yo pa pwoche bo pale a.Blende , ajan CAT team , lame ak lapolis te ranfòse prezans yo sou Chanmas la.
Ototite yo te chwazi yon plan an de etap ,yon premye pati tap dewoule devan gouvènman sòtan e finalman Smith Agustin; Louis Gérald Gilles; Fritz Alphonse Jean; Edgard Leblanc Pitit; Laurent Saint-Cyr; Emmanuel Vertilaire, Leslie Voltaire, Régine Abraham ak Frinel Joseph te prete sèman ofisyèlman nan Palè Nasyonal, epi dezyèm etap la te dewoule nan Villa Dakey kote enstalasyon 9 manm CPT te fèt an prezans kò diplomatik la epi devan yon odyans redui .
Pou kèk obsevatè nouvo dirijan te chwazi chanje strateji pou te evite yon beny san nan premye jou manda yo , yo te chwazi fè divèsyon, kreye yon dout sou ki kote sewemoni yo ap dewoule pou te pare tout atak gang ame nan "viv ansanm".
Pandan 9 manm CPT yo tap resevwa ochan prezidansyèl nan men fanfa Palè Nasyonal, byen lwen sou Champs-de-Mars, wi byen lwen lokal sewemoni envite piti koulye te tande tout kout zam bandi yo tap tire san yo pat enkyete okenn moun e pandan jounen sa a pa gen okenn viktim .Senbolikman CPT a make teritwa li men rete kounye a pou mete strateji pou bloke toute tantativ ame bandi yo.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@_tinouvel