Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Etazini: Pou entèdi avòtman, lajistis nan Eta Arizona remete sou moun yon vye lwa 1864

 Etazini: Pou entèdi avòtman, lajistis nan Eta Arizona remete sou moun yon vye lwa 1864

 Arizona, Ozetazini ,11 avril  2024  --Tinouvel.com


Pataje atik la


Etazini: Pou entèdi avòtman, lajistis nan Eta Arizona remete sou moun yon vye lwa 1864

Kou Siprèm Arizona deside Madi 9 avril 2024 lwa 1864 ki entèdi prèske tout avòtman nan eta sa a aplikab.

Vye lwa sa a, ki gen 160 lane, entèdi fanm ansent jete pitit kèlkanswa fanm nan te viktim kadejak oswa yon zak ras kabwit lakay paran l.

Pyès moun oswa òganizasyon poko kouri deyè vye lwa a nan tribinal

Lalwa entèdi nenpòt avòtman depi nan moman konsepsyon, sof si lavi manman an an danje. Vyòl oswa ensès pa konsidere kòm eksepsyon valab. Antere plis pase yon santèn lane, tribinal la te jije tèks la "aplikab", e yo te anile pwoteksyon konstitisyonèl dwa pou avòtman nan peyi a an 2022.

An reyalite, lalwa ka pa respekte.

Pwokirè Jeneral Arizona, Demokrat Kris Mayes, te deja avèti li pap pouswiv okenn akizasyon ki gen rapò ak avòtman. Men, sa ka chanje selon eleksyon yo, paske se eli komisè yo eli Etazini.

Yon gwo sijè kanpay

Desizyon sa a ranfòse poto elektoral eleksyon prezidansyèl la, nan yon eta kle kote batay Demokrat ak Repibliken yo toujou sere sere. Donald Trump te anonse tou nan lendi si li eli, li ta bay eta yo libète pou fè yo menm lwa sou avòtman. Bò kote pa l, Joe Biden denonse yon lwa "mechan" nan Arizona. Nan menm moman an, vis-prezidan li Kamala Harris anonse lap fè yon rive Tucson Vandredi sa a pou yon evènman an favè "libète repwodiktif".

Tribinal Siprèm Ameriken an te ranvèse garanti dwa pou avòtman nan peyi a an 2022. Depi lè sa a, anviwon ven eta entèdi oswa mete anpil restriksyon aksè nan avòtman. 

Yves Pierre 
yvespierre@email.com 
@_tinouvel

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article