Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Kafou,Ayiti ,18 avril 2024 --Tinouvel.com
Ayiti-Ensekirite
Pataje atik la
Gang ame yo kontiye ap touye ann Ayiti,moun Kafou nouvo viktim yo
Gang ame yo atake e asasinen plizyè sivil ,Jedi 18 Avril 2024, nan komin Kafou.Nan Waney 93, ta sanble 5 moun mouri e plizyè lòt blese anba bal bandi ame epi yo ta ansekle komisarya a (OMEGA) pou te eseye pran kontwòl komisarya sa a men pa gen okenn konfimasyon sou atak sa a.
Dapre temwen yo , bandi te nan plizyè machin yo pa idantifye e te atake plizyè katye nan vil la.Pandan yon atak ,bandi yo te louvri kout zam san rezon sou rezidan ki tap jwe domino nan katye sa a e ki te lakòz yon klima laterè ak kreye yon van panik nan komin lan. Lekòl ak komès yo te oblije fèmen pòt yo.Transpò ankomen te pase oralanti e popilasyon tap kouri rantre lakay yo pou evite viktim bal mawon bandi ame yo.Depi lè sa a tout aktivite yo paralize nèt.
Synapoha , yon sendika polisye,te voye yon SOS bay wo kòmandman PNH la pou pran dispozisyon ki nesesè pou retabli lòd nan Kafou.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@_tinouvel