Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti 30 avril 2024 --Tinouvel.com
Traktasyon zobop pou eli yon prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon
Pataje atik la
Vòt pou deziyen prezidan CPT la, daprè nòt depwès Ministè kominikasyon an, ta dwe dewoule "an tout transparans madi 30 avril 2024 a 10 è nan Villa d'Accueil devan je laprès ak reprezantan sektè siyatè akò politik ki tabli CPT la”.
Gen Kat (4) konseye ki kandida. Se Doktè Louis Gérald Gilles reprezantan akò 21 desanm 2022 kote li reprezante alye ansyen Premye Minis Ariel Henry nan Konsèy la, Fritz Alphonse Jean nan Konsèy la se reprezantan akò Montana ki te opoze ak Ariel Henry, Lesly Voltaire,reprezantan pati politik Fanmi Lavalas nan Konsèy tranzisyon prezidansyèl la, Edgard Leblanc yon lòt alye ansyen Premye Minis Ariel Henry reprezante Kolektif Pati Politik 30 janvye .
Se youn nan 4 kandida ki dwe jwenn yon majorite absoli nan vòt la (4/7)pou ranpòte eleksyon yo, daprè atik 7 pwojè dekrè a. Ki moun ki pral gen chans sa a?Ki yès ki ka jwen n majorite sa a depi nan premye tou?Poko gen repons ak kesyon sa yo. Sepandan, plizyè sektè e anpil gwo potanta nan sektè prive,ekomonik kou politik ap goumen pou kontwole Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pou enterè mesken yo.
Konfli ki gen andedan sektè prive parèt klèman nan mitan CPT. Volonte yon sèten segman nan sektè prive pou pran pouvwa a atravè Konsèy Prezidansyèl chanje done yo, daprè yon sous.Tout batay kap fèt pap baze sou ideoloji oswa sou yon kan men se sou enterè politik ak avantaj ekonomik tankou franchis ,avantaj bab ak moustach pou yo pa peye enpo ak taks,men enterè Ayiti pa ladan l,li pa enpòtan?Anpil gwoup moun ap tire fisèl pou yo manipile ladwan, APN, ONA e latriye
Clarens Renois, lidè Pati UNIR nan kolektif 30 janvye a, denonse traktasyon zobo kap fèt pou manipile elelksyon yo,pou li menn se men ekstèn ak CPT kap chache enfliyanse an favè yo eleksyon pou prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an.Yon sèl Keyson kap poze ki men sa yo?
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@_tinouvel