Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Yo jwenn 20 ayisyen mouri tèt nwè sou yon bato nan lanmè Brezil

Yo jwenn 20 ayisyen mouri tèt nwè sou yon bato nan lanmè Brezil

Eta Para ,Brezil ,14 avril  2024  --Tinouvel.com


Pataje atik la

Yo jwenn 20 ayisyen mouri tèt nwè sou yon bato nan lanmè Brezil

Otorite eta Para nan peyi Brezil deklare yo jwenn kadav ven moun sou yon bato nan lanmè kòt nò peyi a toupre vil Braganca. Kadav sa yo tout bagay lese kwè ki se migran Ayisyen te nan yon eta dekonpozisyon avanse e montre siy dezidratasyon ak grangou, daprè deklarasyon pòtpawòl lapolis federal la, Alexandre Calvinho.

Pakè vil Braganca louvri yon ankèt pou detèmine kantite egzak viktim yo, idantite yo ak kòz lanmò yo.

Braganca twouve l a plis pase 3,500 kilomèt de peyi Ayiti, kap viv yon gwo kriz imanitè ak sekirite depi plizyè mwa.

Daprè Òganizasyon EntèDaprè Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (an angle IOM) sitiyasyon malouk peyi Ayiti konnen nan moman an lakòz yon gwo egzòd. "Pou pifò ayisyen, pèspektiv migrasyon regilye a rete yon obstak enfranchisab, sa fè migrasyon iregilye vin sèl espwa yo."

Dapre OIM, anviwon 360,000 Ayisyen deplase kouri kite kay yo, "anpil ladan yo plizyè fwa," e peyi vwazen yo te voye tounen nan mwa mas la pou pi piti 13,000 Ayisyen ki tap chèche kite zile a ilegalman.

Yves Pierre
yvespierre@email.com
@_tinouvel

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article