Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
WASHINGTON, Etazini,21 jiyè 2024--Tinouvel.com
Etazini: Joe Biden anonse retrè kandidati li pou eleksyon prezidansyèl 2024 la
CNN ak Tinouvel
Pwezidan Demokrat la Joe Biden anonse Dimanch nan yon deklarasyon li te pibliye sou kont ofisyèl X li te retire kandidati li pou eleksyon prezidansyèl Ameriken an nan mwa Novanm nan.
Prezidan Joe Biden di li pa p chèche reeleksyon nan yon lèt afiche sou X . Biden di li pral pale ak nasyon an pita nan semèn sa a an plis detay.
"Se te pi gwo onè nan lavi mwen pou sèvi kòm Prezidan nou," Biden te ekri. "Epi byenke se te entansyon mwen pou chèche reeleksyon, mwen kwè se nan pi bon enterè pati mwen an ak peyi a pou m demisyone epi konsantre m sèlman nan ranpli devwa mwen kòm Prezidan pou rès manda mwen an."
Prezidan Biden tap pran gwo presyon patizan li yo ak manm b pati Demokrat ki te enkyetid sou andirans prezidan 81 lane a ak kapasite mantal li epi yo te gen dout sou kapasite li pou menn yon kanpay efektif kont Trump ak gouvène peyi a pou yon lòt kat ane.
Desizyon Biden sa a gen chans pou tou poze kesyon sou kapasite l pou l kontinye ranpli devwa kom prezidan peyi a pou rès manda li a.
Se premye fwa yon prezidan ameriken te abandone kanpay pou reeleksyon depi plizyè dizèn ane, sonje Prezidan Lyndon Johnson ki te deside pou l pa chèche yon dezyèm manda konplè an 1968, menmsi desizyon Biden te vini pita apre Johnson te anonse li lage cha.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@_tinouvel