Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Yon Rapè ayisyen  disparèt nan Bahamas

Yon Rapè ayisyen  disparèt nan Bahamas
Publicité

Abaco, Bahamas, 17 jiyè 2024--Tinouvel.com


Yon Rapè ayisyen  disparèt nan Bahamas


Yon rapè ayisyen ki popilè anpil ak plis pase yon milyon moun ki suiv li sou Instagram te disparèt nan Bahamas     depi 4 jiyè, sa ki te mete fanmi li nan gwo tèt chaje e pouse fanmi fè gwo efò pou chache li.

Sipèentandan an Chèf Anton Rahming, polisye ki an chaj Depatman Envestigasyon Santral a, te anonse fanmi Johnathan Wens Désir aka Mechans-T te rapòte bay lapolis Abaco nan dat 16 jiyè  te disparèt  apre yo pat ni  te wè l ni tande l depi 4 jiyè. 

Ekip manajment Mr Désir a ak fanmi an te poste yon lèt sou paj Instagram li a, ki dekri pwoblèm nan sansib pandan y ap kontinye  mande enfòmasyon.

 

Yon seri jounal ayisyen fè anpil kòmantè sou disparisyon sa  a.
The Haitian Times, yon jounal sou entènèt ki baze nan New York, rapòte  Misye Désir te vwayaje nan Abaco pou yon konsè nan dat 18 me. Gran frè li a, Steeven Désir, ak yon lòt atis, Marshelle, te pami moun ki te akonpaye li.

 

Frè a 'te kite Bahamas le 23 me, men li di lMechans T te rete pou yon ti vakans.


Men sa li te di Haitian Times sou  frè l ki te rete Bahamas la : "Li te di m, si m tounen nan peyi a, mwen p ap ka konsantre paske m ap prepare album mwen an pou 2025. Li pi kalm isit la. Mwen rete isit la pou yon ti vakans  tou."

 

Gran frè a te di yo de a te an kontak chak jou, men li te sispann tande l le 4 jiyè. Mennaj mesye Désir a pa tande li tou .

 

"Mwen ka nan chanm mwen poukont mwen, mwen pa konnen,  dlo ap koule nan je mwen paske ti nèg la manke anpil , men mwen pa ka montre moun  mwen fèb," te deklare  gran frè a.

 

"Nou ap fè tout sa nou kapab pou jwenn Mechans-T paske  nan moman map plale la fanmi li enkonsolab. Manman m ak papa m ap kriye, kidonk mwen oblije rete djanm."

 

Kèk Ayisyen ki, san prèv, te lye  disparisyon Misye Désir ak yon ensidan yon bato ki te koule sou Andros semèn pase a. Lapolis te deklare yon bato ki te gen  uit moun ladan l ki te soti nan Ocean Cay pou rive Eleuthera  te kòmanse pran dlo epi ki te koule nan kot Morgans Bluff nan Andros. Plizyè moun, pami yo Ondiryen ak yon sitwayen ayisyen, te rive  sove.

 


Mechans-T gen yon milyon folowè sou Instagram, 448,000 abònman  sou YouTube, ak 12,485 moun k ap koute sou Spotify chak mwa.


Sous The Tribune
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@_tinouvel

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article