Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

10 bagay nou dwe konnen sou Allexis Telia Ferrell  fanm manjèt chat nan Ohio 

Allexis Telia Ferrell yo akize li blese, manje chat. (Prizon Stark County)

Allexis Telia Ferrell yo akize li blese, manje chat. (Prizon Stark County)

Canton, Ohio,10 sektanm  2024 -Tinouvel.com

 

10 bagay nou dwe konnen sou Allexis Telia Ferrell  fanm manjèt chat nan Ohio 

 

Yon ensidan twoublan  te fèt nan Canton, Ohio, kote yon fanm nwa ta swadizan  touye epi manje yon chat nan mwa dout 2024 la epi ekip kanpay Trump an pran enfòmasyon defòme li epi fè l tounen yon kominikasyon pwopagann kont imigran aysiyen kap viv nan Ohio.

 

Èske sa te rive? e ki sa nou dwe konnen ?

 

1-Fanm nan rele  Allexis Telia Ferrell e li gen 27tan e e lap viv  yon konplèks apatman sou 13th Street SE, yon zòn kote anpil fanmi abite nan Ohio.

 

2-Dapre WLBT, envestigatè lapolis nan Canton, Ohio te deklare Ferrell te swadizan touye chat la lè li te  mache sou tèt li anvan li te manje bèt la nan yon katye rezidansyèl devan plizyè temwen.

 

3-Evènman chokan sa  a pat fè nan Springfield, Ohio, men vandredi 16 out nan Canton, Ohio, ki a twa san kilomèt Springfield kote anviwon 20 mil imigran Ayisyen ap viv.

 

4-Allexis Telia Ferrell ap  viv nan kominote moun Nwa  se vre .Sepandan, dosye  achiv  endike fanm sa a pa  ayisyen eli pa yon imigran kap Springfield, Ohio apeprè twa èdtan pou ale nan Canton nan menn Eta sa a.

 

 5-Arestasyon an te fèt 16 out ozalantou 11 p.m. epi Ferrell te nan prizon depi lè sa a. Nan akizasyon yo mete sou do li lendi, tribinal la te fikse yon premye kosyon $100,000, ki reflete gravite akizasyon yo kont li. 

 

6-Allexis Telia Ferrell ap fè fas ak plizyè akizasyon, tankou blesi sou bèt, vyolasyon  entèdiksyon sou zannino nankay ak konduit dezòdone ak trouble lòd piblik , dapre dosye tribinal  Ferell nan prizon  nan Konte Stark. 

 

7-Li trè posib Ferrell soufri ak yon maladi mantal ki pa dyagnostike, ki ta ka eksplike aksyon li yo. Pwoblèm sante mantal souvan pase inapèsi, nan kominote Nwa ak nan kominote ki gen ti revni, kote aksè a swen sante mantal limite. Mank aksè pou tretman  patoloji sa a ka manifeste nan konpòtman danjere  nan ka sa a.

 

8- Nan  atik  " Fanm Ohio yo akize ki ta swadizan touye yon chat, manje l devan temwen yo " Landon Mion te ekri pou Fox News nan  dat 21 Out 2024 pat janm di fanm lan se yon manm nan kominote Ayisyen ,atik la te jis montre se yon fè divè san enpotans san li pat janm akize  kominote Ayisyen.


9- Ki kote  koze sa a soti ?


Angouman pou move nouvèl lan te kòmanse pandan  yon reyinyon nan mwa Out nan Springfield City Commission, kote yon nonm 28-tan te deklare san prèv imigran ayisyen yo te koupe tèt kanna yo nan pak lokal yo epi mache ale lakay yo ak yo  epi  manje yo.Li te  sipliye komisyon an pou kontwole imigran yo.Apre yo gaye  sou Entènèt yon lòt fo enfòmasyon sou swadizan Ayisyen kap manje chat vwazen yo depi lè sa a  Elon Musk,JD Vance ak ekip moun ladwat reyaksyonè nan kan repibliken kontinye ap pwopaje virus zenofòb yo an .

 

10-Lapolis nan Springfield, Ohio, te demanti nan  jounal Springfield News-Sun ki ta fè kwè imigran Ayisyen ta kidnape ak manje zannino konpayi yo, enfòmasyon sa yo pa kredib e pa gen okenn plent  ki fè kont imigran ki ta blese,kidnape  oswa abize chat ,kanna ak zwa ."Kritik yo  di  sou imigran ayisyen yo ki ta  manje bèt sa yo se atitid rasis.

 

Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

 

10 bagay nou dwe konnen sou Allexis Telia Ferrell  fanm manjèt chat nan Ohio 
Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article