Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Atak rasis zenofòb trumpis yo kont Ayisyen : Non, imigran yo pa manje chat moun nan Ohio

Donald Trump ak JD Vance

Donald Trump ak JD Vance

SAN DIEGO, CALIFORNIA ,10 sektanm  2024 -Tinouvel.com 


Tinouvel ak Rolling Stone


Atak rasis zenofòb trumpis yo kont Ayisyen : Non, imigran yo pa manje chat moun nan Ohio

 

Kanpay difamasyon ladwa ,pro Trump e ki kont imigran ayisyen nan Springfield, Ohio,  gaye sou    rezo sosyo e san sipriz yo san fondasyon se yon  gwo manti .


Se pa premye fwa Konsèvatè yo ap fè anpil akizasyon ridikil kont kominote migran yo. Donald Trump te akize yo yap"anpwazonnen san" nasyon an. Tucker Carlson te di  yo fè peyi a "pi pòv, pi sal ak plis divize." Pati Repibliken an te anbrase teyori konplotè Gran Ranplasman rasis la epi fè "vag krim migran" tounen  yon pwoblèm santral nan  eleksyon . Kòm si nou bezwen plis prèv  pou nou wè zèl   dwat yo pap sispann kalomnye imigran yo, kounye a yo akize kominote imigran Ayisyen yo ap  touye ak manje zannino  fanmi yo renmen anpil.

 

Lendi, rezo sosyal te cho ,palmantè malveyan ak kòmantatè konsèvatè yo te lage yon viris ki  inonde rezo sosyo yo  ak  pòs dezoblijan sa a ki di  imigran ayisyen nan vil Springfield, Ohio, ap touye ak manje chat ak kana lokal yo.

 

Enfòmasyon viral sa a te san fondman e Lapolis Springfield te di Springfield News-Sun nan menn Lendi an li pa te resevwa okenn rapò sou vòl ak konsomasyon bèt konpayi yo.

 

Springfield se yon ti  vil  nan nòdès Dayton. Vil la te tonbe nan yon gwo peryòd  difikilte ekonomik pwolonje e pirèd Gran Resesyon an te vinn  ogmante plis kondisyon sa a ,konsekans  popilasyon bese  epi gwo biznis ak detayan kite  zòn nan. Apre pandemi Covid-19 la, ogmantasyon  travay nan faktori ak depo yo atire yon vag imigran ayisyen nan rejyon an , anviwon 20,000 konsa. Kontrèman ak afimasyon konsèvatè yo, yo pa san papye epi pifò gen estati imigrasyon legal, otorizasyon travay ak nimewo Sekirite Sosyal.

 

Chanjman demografik rapid nan zòn Repibliken an te kreye tansyon nan mitan kèk rezidan Springfield epi ti chire pit  lokal sa yo te vin yon bagay nasyonal kounye a.

 

Vandredi, kont ladwat sou X ki rele  "End Wokeness," ki gen prèske twa milyon disip, te afiche yon kapti ekran yon mesaj sou yon gwoup prive Facebook rezidan Springfield.

 

"Avètisman pou tout moun ki gen  bèt nou renmen anpil yo ak moun ki bò kote nou yo!! Vwazen mwen te enfòme m zanmi pitit fi li a te pèdi chat li, "te ekri itilizatè a. “Yon jou li tounen lakay li sot travay, lè li desann machin li, li gade nan kay yon vwazen, kote Ayisyen ap viv, li wè chat li pandye nan yon branch, tankou yon sèf yo touye, epi yo koupe l pou manje l. Mwen te tande  di yo te fè sa a pou  chen tou, yo te fè li nan Snyder Park pou kana yo ak zwa, jan Rangers yo ak lapolis te di m sa a  . Tanpri voye je sou bèt sa yo. »

 

Ensidan sa yo  yo te  dekri nan pòs Facebook la pa te verifye, e lapolis Springfield te di News-Sun la  menn si  yo te okouran de pòs la, swadizan evènman yo  "pa yon bagay ki sou rada nou kounye a."

 

Pòs la ta sanble plis  lye ak yon ensidan separe ki te fèt   mwa pase a, byen lwen  vil  Springfield. Nan mwa Out, foto kamera te montre yon fanm yo te arete apre li te touye epi eseye manje yon chat nan yon "zòn rezidansyèl devan plizyè moun" ki te vinn viral sou medya sosyal. Fanm lan, Allexis Telia Ferrell, te akize de abi sou bèt. Ensidan an te fèt nan Canton, Ohio, prèske twa san kilomèt de Springfield. Lapolis Canton pa t di Farell te san papye, men videyo a te pwovoke yon tanpèt akòz afimasyon zèl dwat zenofòb ki di  imigran ayisyen san papye yo t ap devore chat lokal yo.

 

Enfliyanzè ekstrèm dwat  Miles Cheong te twite videyo Farrell la ak tit la: "Fanm sa a te arete paske li te manje chat yon moun nan Ohio. Ki jan yon bagay konsa ka rive? Lè yon lòt itilizatè te mande si dwòg te gen anpil chans pou se yon faktè nan ensidan an, Cheong reponn: "Pi mal." Ayisyen. »

 

Lendi, afimasyon san fondman an gaye tankou yon gwo dife  sou rezo sosyal yo.

 

Senatè Repibliken Ohio anti imigran Ayisyen J.D. Vance vis prezidansyèl Trump lan te ekri sou X: “Sa gen kèk mwa, mwen te soulve pwoblèm imigran ayisyen ilegal ki ap devore kès sèvis sosyal yo e kap pwovoke kawo Springfield, Ohio.Rapò montre kounye a moun sayo ki pa ta dwe ap viv nan peyi sa a kidnape bèt nou yo epi manje yo . Kote tsar fwontyè nou an? »


Sent. Ted Cruz (R-Texas) afiche yon imaj de ti chat ak yon tit ki li di "TANPRI VOTE POU TRUMP POU IMIGRAN AYISYEN PA MANJE NOU."

Yon lòt rasis ankò ,Depite Jim Jordan, Prezidan Repibliken Komite Jidisyè nan chanm depite   ak  manm Kongrè Ohio, te ekri: “Lè Prezidan Trump te  la: 1. Fwontyè a te an sekirite. 2. Etranje ilegal pa t manje bèt konpayi  nou yo. »

 

Nan yon pòs sou kont ofisyèl X Komite Jidisyè Chanm GOP la te afiche yon imaj IA ki te montre Trump k ap karese yon ti chat ak yon kanna pandan mwatye  kò yo te plonje nan yon  dlo.

"Rezidan Springfield, Ohio, rapòte Ayisyen ap manje bèt konpayi nou yo, yon lòt kado nan plan ranplasman imigrasyon an mas Biden-Harris," te ekri fondatè TPUSA Charlie Kirk. Talè konsa, liberal yo pral eksplike Ameriken poukisa yo ta dwe sansib ak kilti ayisyen an epi aksepte li kòm nòmal. Moun sòt sa yo merite pou yo kondane ak betiz san pitye yo a. »

"WTF!???" Donald Trump Jr. te ekri an repons a Kirk.

Pwopriyetè X Elon Musk te  pran plezi pou ranfòse fo enfòmasyon sa yo an plizyè  repriz. Milyadè dwat reyaksyonè a afiche yon foto montaj de 2  pèsonaj desen anime Bart ak Lisa Simpson ki kanpe devan tonb Snowball chat yo a. "Ohio rn," li te ekri  anba imajmontaj  la.


Nan yon lòt pòs ki tap pwopaje viris dezenfòmasyon a, Musk te ekri: "Vote pou Kamala si ou vle sa rive nan katye w!"


Imigrasyon gen anpil chans pou l yon pwen santral nan deba Madi swa ant Trump ak Vis Prezidan Kamala Harris. Malgre ansyen prezidan an pa t dirèkteman poste fo enfòmasyon yo sou imigran yo ap touye bèt kay moun yo, men li fè alizyon sou sitiyasyon an nan yon atik sou Truth  rezo  Sosyal.

 

Pitit gason Chester Bennington kritike nouvo fòmasyon Linkin Park : "Nou te fè w konfyans pou te vinn  pi bon moun nan"
"20,000 imigran ayisyen yo te debake nan ti vil Springfield, Ohio, men tzar fwontyè Kamala Harris k ap vante tèt li se li ki  mennen yo nan peyi nou an," li te ekri anba yon videyo Harris.

 

Pòs la bay montre vrèman  entansyon kan repibliken an kap simaye difamasyon zenofòb,rasis e anti Ayisyen ,mache bay manti ak jete diskredi sou kanpay Harris la epi kontinye simen laperèz kont kominote migran yo anvan eleksyon an.

 

tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article