Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,22 septanm 2021 (tinouvel.com)
Ayiti-Politik
Ayiti nan LONI:"Le coup de Conille"
Premye Minis Garry Conille nan tèt yon delagasyon kite peyi a vandredi 20 septanm pou l ale NY pou patisipe nan 79èm Asanble Jeneral Nasyonzini an.Daprè yon nòt pou laprès Premye Minis Conille pral patisipe tou nan plizyè rankont sou kriz Ayiti a.
Conille kouri pati devan ,anvan menn delegasyon Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Edgard Leblanc Fils ta dwe kite peyi a samdi 21 Septanm lan,kout teyat Prezidan CPT a,” anonse nan sal diplomatik ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture, nan konferans pou laprès ak Prezidan Kenya a, William Ruto, ki te nan yon vizit ofisyèl nan peyi a li pa prale "Se Konseye Leslie Voltaire ki pral patisipe nan 79èm sesyon Asanble Jeneral Nasyonzini an.
Dapre Nouvelliste,Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Edgard Leblanc Fils konfime li resevwa lèt ofisyèl nan men direksyon sekirite gwo diyitè yo nan Depatman Deta Ameriken ,ki avèti l fòmèlman Ayiti, nan dat 20 septanm 2024 la, prezidan CPT a pa pral benefisye pwoteksyon VIP si li rive nan USA a.
2 delegasyon pou yon menn randevou
Lèt ofisyèl Depatman Deta Ameriken anpeche delegasyon Edgard Leblanc Fils ateri nan New York pou 79èm sesyon Asanble Jeneral Nasyonzini an, e se "Anbasadè Antonio Rodrigue ,reprezantan pèmanan Ayiti nan Nasyonzini , ki te voye lèt la ban mwen maten an," dapre Mesye Leblanc .
Pou li konprann ki jan Ayiti fè rive la kote sèvis sekrè Ameriken chwazi pou l pa bay prezidan Leblanc pwoteksyon diplomatik VIP, li anonse li te raple 2 anbasadè li yo pou klarifikasyon. “Mwen espere anbasadè nou yo nan Nasyonzini ak nan Washington ap ba nou eksplikasyon sou sa madi sa a.
Eskandal nan mitan egzekitif ayisyen an
Chèf deta ak gouvènman ki soti nan omwen 145 peyi ta dwe patisipe nan 79èm Asanble Jeneral Nasyonzini nan New York. Diskou yo ta dwe teyorikman dire 15 minit e ap gen plizyè douzèn diskou epi lòd la ap detèmine ak plizyè kritè tankou ki moun yon peyi voye pou fè diskou a (chèf deta yo anvan chèf gouvènman yo, ki menm yo anvan senp minis ak lòt reprezantan),lòt kritè yo se desiderata peyi yo ak ekiib jeyografik lan.
Peyi ki gen 2 tèt egzektif , yon prezidan eli yo oswa defakto toujou jwe wòl reprezantan ofisyèl nan Nasyonzini e se li ki gen pou fè diskou devan asanble a.
Teknikman ann Ayiti se Prezidan ki se chèf diplomasi e se li menn ki an premye nan pwotokòl Nazyonzini .Dayè LONI gen yon sèl delegasyon ayisyen ki anrejistre pou patisipe nan 79èm Asanble Jeneral Nasyonzini an. Prezidan CPT Edgard Leblanc Fils se chèf delegasyon an, daprè sitwèb Nasyonzini an. Badj Prezidan Leblanc pare nan New York, dapre Le Nouvelliste .
Misyon Pèmanan Ayiti nan Nasyonzini te mande sekirite pou Edgard Leblanc Fils kòm chèf delegasyon ayisyen an. Sa vle di nan okenn ka Premye Minis Garry Conille pat dwe nan New York .Pou sèten aktè patisipasyon de delegasyon ayisyen Premye Minis ak CPT nan 79èm se yon dezonè pou Ayiti.
"Le coup de Conille "
Prezans defakto Garry Conille nan 79èm asanble montre Samedi sa a tansyon k ap kontinye grandi ant Premye Minis Conille ak kan Prezidan CPT Edgard Leblanc Fils ki deja mande "klarifikasyon" sou prezans Garry Conille nan asanble a.
Depi apre enstalasyon li, Garry Conille fè tout sa ki posib li pou montre fòmil Konsèy Prezidansyèl pa mache ,sèten konseye repwoche l ap alimente eskandal koripsyon ki enplike 4 konseye yo.Misye Garry Conille vle montre vrè pouvwa se nan Vila dakèy pa nan CPT, li fè tout bagay pou kont li tankou yon apranti otokrat.
Koabitasyon ant Leblanc ak Conille vin improbab e kominote entènasyonal la deja chwazi kan li, dapre kèk aktivis politik pwogresis se kominote entènasyonal ki dikte ki moun yo vle ki dwe repranzante Ayiti nan 79èm Asanble Jeneral Nasyonzini e Conille deja fè aranjman a ki de dwa pou anyen pa fè pou reprezantan legal Ayiti a ,Prezidan Edgar Leblanc pa ale New York.
Selon aktivis pwogresis sa yo Ameriken yo pi alèz ak Misye Garry Conille ki te deja reprezante yo nan CIRH la e pirèd Doktè Conille se reprezantan sektè ladwat brital ,kowonpi e anti pwogresis nan peyi a ki ka pi byen mennen politik neyoliberal pou Ayiti,dapre militan pwogresis sa yo.
Gras ak sipò kominote entènasyonal Premye Minis Garry Conille fè yon kou ,yon koudeta , yon revolisyon de palè kont ansyen prezidan Asanble Nasyonal la, Edgard Leblanc Fils.Prezidan CPT vinn nan lonbraj Premye minis la.Gouvènman ameriken chwazi Conille pou li kondwi politik etranjè ak ekonomik nan epyi a.
Conille pa deside fè okenn pataj politik ak Leblanc .konpòtman pèsonèl li , yon nonm otoritè ak bezwen ensanse pou pouvwa pap pèmèt koyabitasyon sa a fonksyone e lap vinn rann enstitisyon leta ayisyen pi fèb.
Conille ap chèche agrandi distans ki ta dwe egziste ant li menn ak Leblanc. Li pa fè atansyon si lap mache sou pant ki glise paske blan an fè l chèf li chèf nèt .
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel