Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Eskandal/BNC:1+1=1pou“Les Engagés pour le Développement” EDE

Smith Augustin ak Claude Édouard
Smith Augustin ak Claude Édouard

Smith Augustin ak Claude Édouard

Pòtoprens,Ayiti, 17 septanm 2024  -Tinouvel.com 

 

Eskandal/BNC:1+1=1pou“Les Engagés pour le Développement” EDE


Claude Joseph, lidè EDE a deside avanse pou kont li san  yon akò ak RED ak konpwomi istorik manm kowalisyon an .Pati EDE inilateralman  deja voye non Claude Édouard bay Caricom pou ranplase Konseye-Prezidan Smith Augustin  .


Ekip Joseph Lambert, Youri Latortue ak Rénald Lubérice akize lidè EDE a paske se li  ki te chwazi poukont li anbasadè Augustin ,yon manm EDE,  yo akize kounye a nan koripsyon .Dapre enfòmasyon Gazette News, se pa tèlman revokasyon Konseye-Prezidan Smith Augustin ki ta deranje men se lè se  menn Claude Joseph sa a ki pral chwazi ranplasman konseye a . RED ak kompwomi istorik pa wè favorableman pou lidè EDE a  toujou genyen privilèj sa a.


Konseye-Prezidan Smith Augustin  Claude Joseph te chwazi  pa vle  demisyone nan KPT malgre akizasyon li ,Emmanuel VERTILAIRE ak Louis Gerald GILLES ansanm ak tout Kowòdonatè Sekirite l, Onad FONTAINE genyen sou do yo  kòm moun ki ta mande Raoul Pierre Louis   san milyon (100,000,000.00) goud pou kenbe l kòm prezidan  Konsèy Administrasyon BNC a.

 

Claude Edouard, nouvo sekretè jeneral EDE  , ranplasman konseye prezidansyèl  Smith Augustin gen sispizyon tou sou do l , yon nonm ki poko menn rantre  nan KPT, deja gen gwo soupson sou li, li se sosyolog ki  annafè jistis nan Miragwan.Komisè Gouvènman vil sa , Jean Ernst Miscadin, reaktive manda ki te genyen kont pwofesè Edouard nan dat 12 Out 2024,  yon manda arestasyon ki te delivre kont li nan dat 8 jiyè 2024 pou abi konfyans sou Noël Sherley dapre jounal Metronomehaiti . Pou Mèt Claude Bleus avoka Noël Sherley , manda a poko egzekite, paske sekretè jeneral pati  EDE a pa nan Miragwan kounye a.

 

Yon pwòch kolaboratè  ansyen Premye Minis defakto  Claude Josep Stéphanie Mondestin,ansyen Direktè jeneral Adjwen Biwo Nasyonal Asirans Vyeyès (ONA), enplike nan gwo dosye koripsyon nan ONA dapre yon rapò  ULCC Inite Anti-Koripsyon Yon ansyen anbasadè ,reprezantan EDE nan  KPT Smith Augustin akize koripsyon .Claude Edouard ranplasan pwoklame nan KPT, akize nan malvèsasyon nan Miragwan.

Eske pati ede regwoupe potansyèl kowompi?


Pou“Les Engagés pour le Développement” EDE 1 plis 1 ap toujou egal 1. Eske sa ta vle nan EDE se yon kowonpi  kap ranplase yon Kowonpi?


Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel


 

Claude Joseph ak  Stéphanie Mondestin

Claude Joseph ak  Stéphanie Mondestin

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article