Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
New Jersey,Etazini,10 sektanm 2024 -Tinouvel.com
Fondasyon Ayisyen-Ameriken pou Demokrasi denonse konpòtman san vègòy ekip Trump/Vance kap dyabolize imigran ayisyen yo pandan kanpay elektoral lan.
Nan yon deklarasyon ki soti 10 sektanm nan kad dosye imigran ta kidnape epi manje chat vwazen yo, Fondasyon Ayisyen-Ameriken pou Demokrasi fè konnen yon lòt fwa ankò, ekip Trump/Vance la eksplwate pran ayisyen yo kòm bouk emisè epi espatwe san vègoy kominote sa a pandan kanpay prezidansyèl lan.
Kandida pou Vis-prezidans lan, JD Vance ak plizyè lidè nan Kongrè a gaye yon banm ak yon pakèt manti danjere,kap demounize imigran ayisyen yo kòm anvayisè ki san kay ak grangou tankou "bèt " ki reprezante yon menas pou moun Ohio e menm sijere yo reprezante yon danje pou zannimo nan kay.
Nòt la kontinye pou di "Kanpay laperèz ensousyan sa a mete an danje kominote vilnerab yo , ankouraje divizyon, ak ensite pou vyolans ak krim rayisman. Lapolis lokal yo, kominote legliz yo yo, ak sèvis sosyal yo dwe jwenn sipò pou pwoteje nouvo manm kominote sa yo kont tout mal ak malè pandye sou tèt yo.
Senp verite a se lè yon vil tankou Springfield, Ohio, ekonomi te vinn an bès , e foul ayisyen ak lòt imigran legal yo te vini pou revitalize li. Pandan kominote sa yo ap ajisteyo ak chanjman demografik la, peryòd tranzisyon sa a ta dwe konsidere tankou yon opòtinite pou kwasans ak kolaborasyon, men se pa pou simen konfizyon ak laperèz.
Pou fini HAFFD ekri "Nou ankouraje tout Ayisyen-Ameriken ak alye nou yo pou yo kontrekare vye atak sal sa yo nan patisipe aktivman nan pwosesis demokratik la, ankouraje enklizyon. Lè nou fè sa, nou ka ede asire tout manm nan sosyete a pou yo trete ak jistis, diyite, ak respè ".
Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte Ariel Dominique, Direktè Egzekitif HAFFD, nan 1-754-277-5727.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel