Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Kominote ayisyen an rasanble kont Trump nan Long Island

Kominote ayisyen an rasanble kont Trump nan Long Island
Kominote ayisyen an rasanble kont Trump nan Long Island
Kominote ayisyen an rasanble kont Trump nan Long Island
Kominote ayisyen an rasanble kont Trump nan Long Island

Long Island, New York,18 septanm 2024 -Tinouvel.com 

Kominote ayisyen an rasanble kont Trump nan Long Island


Ansyen Prezidan Donald Trump te fè premye rasanbleman li depi apre  dezyèm tantativ asasina sou lavi l wikenn pase a.Li chwazi long pou al fè mitin kote anpil patizan l pral patisipe.

 

An fas ak patizan li yo manm kominote ayisyen an te rasanble pou pwoteste kont Trump ak konpayon li a, JD Vance apre kòmantè yo te fè sou imigran ayisyen nan Springfield, Ohio, ki ap manje chen.


Depite nan Nassau County, Carrié Solages (D-Valley Stream) ansanm ak yon gwoup ayisyen Ameriken te patisipe mèkredi 18 septanm nan yon pike pikèt devan Nassau Veterans Memorial Coliseum, nan Long Island, lokal rasanbleman Trump la .Sitin lan se  pou yo pwoteste e denonse remak rasis Trump ak konpayèl li a, Senatè J.D. Vance 



Manifestasyon  sa a  vize pou ogmante konsyans sou konsekans diskou  malfezan sa yo  epi mande pwoteksyon pou Ayisyen kap viv nan peyi Etazini.


Mimi Pierre Johnson te imigre lè li te gen 9 ane epi li ap viv nan Konte Nassau depi 31  lan. Li di vizit Trump se yon kalòt pou kominote ayisyen an.


Ayisyen  ak zanmi Ayiti yo  demanti  pwopo diskrimatwa kandida Repibliken ki ta fè kwè imigran ayisyen yo kidnape ak manje bèt domestik nan Springfield, Ohio. Se yon pawòl rasis ki pa kanpe sou yo tap chante  devan lokal la.


"Ou pa sèlman twomatize kominote sa a ki ap travèse anpil move bagay ann Ayiti kounye a, men answit ou vini nan yon kote ou konnen gen anpil ayisyen epi ou jis panse nou tap kanpe gade ou konsa Johnson te deklare nan televisyon(PIX11).


Carrie Solages te deklare sou bo pa li di: “Nou mande yon ekskiz fòmèl nan men ekip kanpay Trump la ansanm ak yon deklarasyon sou vrè reyalite yo,” Solages ki se  premye Ameriken Ayisyen ki te eli nan chanm depite Konte Nassau a an 201 te ajoute , "Nou pa pral tolere manti sa yo kap demounize  kominote nou an.


1199SEIU, pi gwo sendika swen sante Ozetazini, te  patispe nan pwotestasyon kont rasanbleman Trump nan Nassau an repons a dènye deklamasyon li yo ak Vance te fè sou Ayisyen Ameriken yo.


"Nou rejte politik rayisman ak divizyon," George Greshamn, prezidan divizyon lès sendika  deklare. "Nan eleksyon sa a, nou pa ka kite Pati Repibliken an ak donatè bilyonè yo detounen atansyon nan efò y ap fè pou retire libète nou yo, kraze dwa travayè yo, epi febli demokrasi nou an." 


Eli yo,Travayè nan lopital, mezon retrèt yo ak  sa kap bay swen nan kay ak aktivis ayisyen yo te "kanpe an solidarite ak kominote ayisyen  ,yo mande pou pa vote pou delenkan an men vote pou prokirè a.


Sous (PIX11) Long Island Press
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article