Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Manifestasyon pou sipòte Me Jean Ernest Muscadin nan Miragwan.

Me Jean Ernest Muscadin
Me Jean Ernest Muscadin

Me Jean Ernest Muscadin

Miragwan,Ayiti, 11 septanm 2024 -Tinouvel.com 

 

Manifestasyon pou sipòte Me Jean Ernest Muscadin nan Miragwan.


Manifestan yo te pran lari Miragoâne madi 10 septanm sa a pou yo eksprime sipò yo bay komisè gouvènman jiridiksyon an, Me Jean Ernest Muscadin, ki anba gwo kritik òganizasyon dwamoun k ap mande demisyon li.Yon demonstrasyon an fos ki vini an patikilye apre madanm li te denonse reprezantan lajistis ta atake l fizikman  revandikasyon ki swiv.

 

Manifestan yo kite Chalon, yo te ale nan sant vil la kote yo te pase nan plizyè ri . Nan kafou Desruisseaux  yo mete ajenou devan yon pòtrè komisè a, ki te la depi kèk jou sou plas piblik la. Yon kamyon son te akonpaye manifestan ki tap chante tout byenfè  Komisè Muscadin reyalize e yo te menn konsidere kòm yon "papa" pou rejyon Gran Sid la.

Se te yon opòtinite pou yo denonse yon konplo yo di , direktè egzekitif Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun, Pierre Espérance fomentekont majistra e li menn  mande revokasyon Me Jean Ernest Muscadin. Manifestan yo te atake seryezman defansè dwa moun yo e yo te ba l pote tout vye non.


Sous Le Nouvelliste


Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel


 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article