Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Marshals Ameriken yo arete swadizan mèt bato ki gen rapò ak disparisyon rapè ayisyen MechansT

Mugshot  Emilien Haly apre  Marshals ameriken te arete l , 6 septanm 2024, nan Florid. Foto kont Facebook Broward Mug Shots

Mugshot Emilien Haly apre Marshals ameriken te arete l , 6 septanm 2024, nan Florid. Foto kont Facebook Broward Mug Shots

Kap Ayisyen,Ayiti, 9 sektanm  2024 -Tinouvel.com 


Tinouvel ak The Haitian Times

 

Marshals Ameriken yo arete swadizan mèt bato ki gen rapò ak disparisyon rapè ayisyen MechansT


Marshals Ameriken yo  arete Emilien Haly,  pwopriyetè bato rapè ayisyen Wens Jonathan "MechansT" Désir  te disparèt pandan li t ap eseye vwayaje ilegalman soti Bahamas pou rive Miami. Malgre rezon arestasyon an pa te divilge, dosye piblik yo konfime Haly te jwenn arestasyon li nan Florid ,6 septanm nan epi kounye a yo te kenbe nan prizon prensipal Broward County nan anba lavil Fort Lauderdale.
 
"Se yon bon etap," Chéro Chérident, manajè  "MechansT" te deklare. "Omwen nou konnen ki kote li [Haly] ye, epi leta dwe fè swivi    yo e nou menn tou  ak avoka nou ap fè pa n e si li vle nou kapab  poze l kesyon."

 

Chérident te mete aksan sou enpòtans temwayaj Haly a, li di, “Li se mèt bato a; si yon bagay rive, se li ki kle pou bay tout enfòmasyon yo paske mwen pa panse yon moun ta gen yon bato san omwen yon GPS. Gen kèk repons  li genyen. E l'ap ban nou yo pou nou konnen sa pou nou fè."

 

Haly, 38, nasyonalite li enkoni , te deja gen pwoblèm ak la jistis , yo te akize an 2018 li te transpòte ilegalman yon moun san papye, Kevin Lafrance, sou bato li. Otorite nan bato patwouy Bahamas HBMS Cascarilla te jwenn bato kwazyè Haly a ki mezire 30 pye toupre Half Moon Cay, nan San Salvador.Jounal Bahamian Eleuthera rapòte, Haly te kondane pou pase yon ane nan prizon ak yon amann $3,000, e yo te sezi bato a.

Désir ta monte nan bato Haly a nan dat 4 jiyè nan vwayaj klandestin ki te soti Great Abaco nan Bahamas pou rive Miami.Chérident mansyone  fanmi ak zanmi pa janm tande pale de MechansT depi dat sa a.

 

Bato  te pote 40 a 60 pasaje te disparèt 4 jiyè nan Great Abaco, men li pa klè si se te bato Haly a. Chérident te eseye kontakte Haly plizyè fwa ,li pa janm reponn.

 

Chérident, yon ayisyen k ap viv Ozetazini, fè konnen ta gen tou senk lòt moun ki  enplike nan vwayaj la, MechansT te peye $8,000.Pami moun sa yo gen ladan Elinair "Pick" Petitphat ak Sandie Corneille, ki te swadizan  resevwa peman an.

 

Yo pa konnen non fanmi  twa lòt sispèk yo  : Pyè, swadizan òganizatè a; Willy, okòmansman yo te prezante kòm pwopriyetè bato a; ak Lubin, ki responsab transpòte pasaje yo nan Miami.Jiska prezan yo poko konnne ki kote senk sispèk sa yo rete 


tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article