Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Plizyè depite black kokis ameriken  kondane zak rasis ayisyen yo ap sibi nan Springfield, Ohio

Depite black kokis   ameriken yo
Depite black kokis   ameriken yo
Depite black kokis   ameriken yo
Depite black kokis   ameriken yo
Depite black kokis   ameriken yo

Depite black kokis   ameriken yo

WASHINGTON – ETAZINI ,23 septanm 2021 (tinouvel.com)


Plizyè depite black kokis ameriken  kondane zak rasis ayisyen yo ap sibi nan Springfield, Ohio


Depite black kokis   ameriken yo ki se  manm Haiti kokis tankou Ayanna Pressley (MA-07), Yvette D. Clarke (D-NY), Sheila Cherfilus-McCormick (D-FL), ansanm ak Manm Kongrè a Maxwell Frost (D-FL) kanpe   an solidarite ak kominote ayisyen an nan Springfield, Ohio ak toupatou nan Etazini .Yo mande repibliken yo sispann pwopaje fo deklarasyon danjere sa yo  sou ayisyen  .

 

Lejislatè yo te anonse vandredi 20 septanm lan  yo entwodwi  yon rezolisyon ki kondane atak anti ayisyen yo.Rezolisyon sa a kondane zak rasis ak entolerans kominote imigran ayisyen yo ap fè fas apre kanpay dezenfòmasyon pati repibkliken an.


Palmantè ameriken anonse  y ap  selebre tou kontribisyon kominote ayisyen an ak sans  mounite ki  lakay yo   nan Tazini.

 

“Nan yon moman kote pèp ayisyen an ap soufri atravè yon seri kriz devastatè, katastwofik, li totalman meprizab e moun ki pi pwisan na lAmerik ap pwofite  doulè moun k ap chèche sekirite nan peyi sa a pou kapab anplifye diskou anti-imigran yo. Soti nan Springfield, Ohio, rive nan 9yèm distri New York la, rive nan tout rakwen tazinikote imigran ayisyen yo abite, manti danjere ak nwisib sa yo bay anpil pwoblem ak moun k ap chèche sèlman yon lavi miyò pou tèt yo ak fanmi yo,” deklarasyon depite Yvette D. Clarke.

 

“Fòs ekstrèmis k ap gaye dezenfòmasyon sa a mande plis pase yon kondanasyon inivèsèl ,men yon pwomès moral ak imanitè pou nou pa bandonen vwazen ayisyen Ameriken nou yo anba mechanste yo,li te ajoute .

 

Sheila Cherfilus-McCormick,pitit ayisyen e depite demokrat 20yem distri  Fort Lauderdale, West Palm Beach nan Florida te deklare“Imigran, enkli Ayisyen, te vin Ozetazini pou rapouswiv rèv Ameriken an. Lè biznis familyal nan Springfield, Ohio pat kap kenbe ni kontinye pwodiksyon yo, se imigran ayisyen ki te la pou te sove yo.Moun sayo  travay di e te kontribiye anpil pou relanse  ekonomi nan Springfield apre plizyè deseni boulvès,”Politik pa ta dwe divize kominote nou yo. Se responsablite nou pou pwoteje kominote nou yo kont diskou rayisab epi travay pou ba yo resous yo bezwen pou yo pwospere.”li te konkli nan diskou li an.

 

 Anpil òganizasyon nan “Dyaspora Afriken   ak kominote  ayisyen tankou African Diaspora for Good Governance ,Haitian-American Foundation for Democracy ,National Haitian American Elected Officials Network, BAJI’s Policy Haitian Americans United te patisipe nan rasanbleman sa a ki tap denonse manti ,rayisman ak diskriminasyon  imigran yo ap sibi anba patizan Donald Trump yo .


Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article