Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti, 15 septanm 2024 -Tinouvel.com
Ayiti-Sekirite
Woostha Louis, yon vrè fo polisye
Yon Ayisyèn 48tan, Woostha Louis, alyas "Tata" ki abitye fè tèt li pase kòm polisye nan men lapolis depi lendi 9 septanm 2024.Se Inite Depatman Metyen Lòd (UDMO) Wès 2 ak Sèvis Polis Jidisyè Depatmantal (SDPJ) ki te mete fen ak eskrokri manman twa timoun la tap fè depi 27 ane .Polis Nasyonal Dayiti (PNH)te mete l nan detansyon prevantif. Lapolis louvri yon ankèt.
Nan moman arestasyon li a, li te an inifòm ki te genyen grad Enspektris Divizyonè sou zèpòl li. Li te genyen yon zam sèvis nan senti li ak yon pè menòt.
Premye envestigasyon yo montre, Woostha Louis kòmanse magouy li an depi 1997 ,sèlman 2 zan apre kreyasyon Polis Nasyonal Dayiti (PNH)an 1995.Lè sa a ,Woostha Louis te ka genyen 21 lane.
Pandan entèwogasyon Louis admèt li se yon magouyèz ki itilize eskrokri sa a pou l te jwenn lajan pou l ta swadizan okipe fanmi li.Louis admèt li te pran avantaj sou anpil viktim inosan nan ofri sèvis kont peman lajan pou fasilite tranzaksyon ki gen rapò ak asirans machin, paspò, plak anrejistreman, dokiman tankou lisans pou kondwi ak lòt sèvis ki pa detaye nan laprès.Li avwe li te twonpe vijilans anpil wo diyitè PNH yo.Woostha Louis menn rive tronpe pitit li yo ki te toujou kwè manman yo se polisyè.
Lapolis konfiske plizyè materyèl tankou zam,inifòm ak menòt li te konn itilize kòm fo polisye li avwe li itiize zam sa a yon sèl fwa pandan fèt fen ane 2023 a.
Fanm ki fè tèt li pase kòm polisye te aktif anpil sou teritwa nasyonal la pandan 27 tan sa yo.Dapre PNH, Woostha Louis te konn frekante komisarya Bon Repos, Croix-des-Bouquets, Delmas ak Gonayiv kote li te itilize espas ki rezève pou anplwaye yo kap trete dosye sansib . Li te menn patisipe nan sewemoni gradyasyon yon lekòl nan Mibalè ak inifòm PNH ak grad Enspektris Divizyonè .
Woostha Louis, alyas "Tata" rete Delmas e li gen 4 kont Facebook e li pibliye yon foto an 2017 kote li chita nan yon biwo ki ta sanble yon komisayara polis ak yon radio kominikasyon devan li e li menn gen yon kont facebook foto pwofil se yon zam ak minisyon.
Nou pa konnen ki akizasyon lapolis ap mete sou fanm 45lane a.Eske yo ap akize l pou vòl, abi feblès ,izipasyon tit e latriye men arestasyon sa a soulve anpil kesyon sou feblès sistèm siveyans ak kontwòl anndan enstitisyon lapolis la. Estrateji vre fo polisye fèt nan plizye lòt peyi nan mond lan tankou suis, lafrans e latriye ,men sa ki deranje nan ka Ayiti a se kòman Woostha Louis izipe fonksyon polisye epi aji ak sikile anndan PNH pandan 27 tan san li pa janm enkyete.
Nou pa konnen ki estrateji li te konn itilize pou jwenn viktim yo .Anpil kesyon ap poze si se pou kont li te òganize gwo magouy sa a ?Eske li benifisye konplisite anndan enstitisyon an? Men ankèt la dwe p chaje e jwenn tout konplis li yo e dekouvri si li ta pran plizyè dizèn de milye de goud nan men viktim li yo.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel