Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti ,21 oktòb 2024-Tinouvel.com
Ayiti -Politik
Ann Aji pou Ayiti (APHA) deklare Premye Minis Garry Conille pa defini okenn estrateji politik pou l bay rezilta
APHA denonse Premye Minis Garry Conille ki pa gen okenn estrateji politik pou li dirije peyi a nan yon nòt ki date 21 oktòb 2024.
Nan nòt sa a APHA presize pandan jesyon Premye Minis la sitiyasyon peyi a ap travèse vinn pi difisil. Pou Ann Aji pou Ayiti 4 mwa apre gouvènman Conille a pa bay rezilta e pa okenn pwogrè konkrè ki fèt nan nan zafè jistis, sekirite ak finans.
Plizyè masak kontinye ap fèt sou gouvènman li a, dapre nòt APHA, sitou nan Terre Neuve ak Ponsonde, ki te lakòz lanmò plis pase 85 moun, e pirèd gouvènman pa bay okenn bilan sou masak sa yo e li pa gen okenn rezilta konkrè pou kwape bandi yo.
Premye Minis Garry Conille pa ofri okenn solisyon konkrè pou rezoud kriz sa yo, dapre òganizasyon an. Paske kounye a, zòn Solino anba menas grav ak zak vyolans bandi ame yo.
Anplis de sa, li ap menmen yon move politik kont KPT a nan objektif pou izole ak majinalize Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT), ki ta dwe patnè prensipal li nan faz kritik sa a. Estrateji aktyèl li a manke vizyon pou retabli estabilite nan peyi a,nou te ka li nan nòt la
APHA pwofite mande òganizasyon yon reyinyon kriz ann ijans ant manm Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la pou jere kriz la epi fè chanjman ki nesesè nan gouvènman an.
Dapre APHA, li enperatif pou redefini priyorite tranzisyon an yon fason pou garanti yon sòti nan kriz la.
Sekirite peyi a ak òganizasyon eleksyon jeneral yo dwe mete nan mitan preyokiasyon dirijan nou yo, dapre Brad Bartholy Cadet ki siyen pou APHA.
Finalman, APHA di l ap mobilize pou defann enterè pèp ayisyen an. Pou sove lavi ak ranfòse estabilite nasyonal. APHA mande pou dirijan yo pran aksyon klè ak prese prese .
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com