Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Ayiti: kiyès ki vle touye Garry Conille?

Ayiti: kiyès ki vle touye Garry Conille?
Ayiti: kiyès ki vle touye Garry Conille?

Pòtoprens,Ayiti ,22 oktòb 2024-Tinouvel.com 


Ayiti: kiyès ki vle touye Garry Conille?

Pandan Ayiti tonbe  anba menas vyolans gang ame  yon nouvo eleman parèt bridsoukou  nan sitiyasyon difisil peyi ap sibi depi apre Leslie Voltaire pran prezidans KPT.Ministè La Jistis ak Sekirite Piblik  nan nòt pou laprès pibliye madi 22 oktòb sa a, anonse chèf gouvènman an ak kèk nan minis li yo gen  menas lanmò sou do yo.


Anvan menn nòt pou laprès   MJSPH te soti  , gen kèk jounalis pwòch gouvènman Conille ki te deja denonse nan yon twit gen moun ki vle touye Garry Conille,men kiyès   ki vle touye PM lan?


Minis Carlos Hercule konfime enfòmasyon jounalis te mete sou paj li. "moun mal entansyone k ap aji nan non sèten sektè espesifik nan lavi nasyonal la gen entansyon komèt asasina sa yo  pou yo simen plis pwoblèm ak panik nan peyi a, nou te li nan nòt pou laprès la . 


Minis Carlos Hercule pat  mansyone non konplotè yo e nan ki sektè konplotè sa  yo ta swadizan soti?


"Mesye Hercule pa di tou si "sèvis sekrè ak entelijans "peyi dAyiti ki dekouvri swadizan konplo  a  e ta dejwe  "tantativ asasina yo", nòt la sèlman pale de "enfòmasyon  konkòdan e pèsistan" yo genyen nan moman an.


Ministè La  Jistis ak Sekirite Piblik pa lanse yon ankèt pou fè limyè sou swadizan menas sa yo li senpman mande "otorite jidisyè ak polis yo pou yo pran mezi apwopriye pou garanti respè lòd repibliken ak pwoteje lavi ak byen tout moun, sitou sa ki se sèvitè Leta" pwen final.


Menas Lanmò sa yo vini pandan gen konseye prezidan ki mande remanye gouvènman an, e gen lòt ki pi radikal ki vle revokasyon imedyat  Garry Comille ki  vle bay tèt  plis pouvwa fonksyon Premye Minis  la  ba li. 

 

Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article