Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Katye Moren, Etazini, 1ye oktòb 2024 -tinouvel.com
Diskou Edgard Leblanc nan Nasyonzini pat si ekstraòdinè konsa ,dapre Hugue Célestin
Nan yon tèks ansyen depite Katye Moren Hugue Célestin "Lè nap bat bravo pou sakrilèj" kritike ak tout fòs li diskou Edgard Leblanc, prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT), nan Nasyonzini .
Aktivis inisyativ Patriyòt Maryen (IPAM) konsidere Edgard Leblanc fè yon Sakrilèj lè li te deside sou tribin nasyonzini pou pwofane ewo 1804 yo ,li ekri :"Edgard Leblanc, prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyonèl la (CPT) nan Nasyonzini, te yon senp mesaje pou patwon li yo kap eseye lejitimize pwojè Ameriken pwobableman mò ne pou transfòme misyon folklorik Kenya an yon misyon pou lapè anba Nasyonzini.
Li kontinye pou di "diskou Leblanc an, se yon diskou yon neyokolinize ,ki pran pòz li ta enkane ou li ta eritye gason kanson 1804. Li te renonse ak eritaj sa a. Nan Podium Nasyon Zini, li te sèlman vinn transmèt mesaj Antony Blinken te pote pou li pandan vizit li nan Pòtoprens, kote, yo te meprize tout pwotokòl, kote blan te egzije pou prezidan an ak premye minis ale lakay Anbasadè Ameriken an pou vinn pran dikte ak dikta .
Célestin kritike Leblanc tou paske li te inyore konsekans danjere misyon Nasyonzini an ann Ayiti, MINUSTAH, ki te kite gwo mak nan peyi a. “Yo akize MINUSTAH pou abi seksyèl sou minè, te vinn ak kolera, epi kolabore ak gang. Retounen ak yo ann Ayiti,se yon sakrilèj ,se yon demand kriminèl ” li di endiye. Pou li, Etazini pa sensè nan dezi li pou retabli lapè ann Ayiti: "Etazini pa gen okenn enterè pou elimine gang sa yo ,yo menm yo te federe ansanm, epi ki garanti ensekirite ak enstabilite nan peyi a."
Dapre Hugue Célestin, Manm Federasyon Mouvman Demokratik Katye Moren, (FEMODEK), Edgard Leblanc ak 8 konseye prezidan nan CPT ak ansanm gouvèenman Garry Conille fè yon lot blasfèm lè nan diskou li montre yon soumisyon total ak kominote entènasyonal la. "Olye pou yo denonse politik kominote entènasyonal sa a ann Ayiti, Edgard Leblanc te chwazi remèsye li pou krim pase ak fiti ".
Konpòtman E Leblanc nan Nasyonzini se yon blasfèm atravè pawòl li men se yon sakrilèj tou atravè aksyon lè deside mande pou lòt peyi vinn okipe peyi sanzèt nou yo.Sakrilèj tou nan aksyon li lè konsidere restitisyon tankou yon dèt moral li, menn lè li rekonèt kèk moun te byen akeyi pati sa a nan diskou Leblanc an ."Lè nou li kòmantè yo, sanble piblik la te kenbe yon sèl bagay nan diskou sa a: Edgard Leblanc, nan tradisyon Delormes, Firmin ak Janvier, ta timidman mansyone restitisyon dèt endepandans lan.Pa gen anyen plis."Puiske, depi kèk tan, atant nou yo nan men lidè nou yo tèlman piti, nou sèlman la pou aplodi ti bagay pipiti" yo ofri nou.
Dapre Célestin, li pa janm twò ta pou fyète ayisyen reveye, menmsi enfliyans etranje sanble ap toufe l.Yon fwa konsyans kolektif la ap reveye, li pral rejte tout fòm titèl ki anpeche konstwi yon avni ki dign eritye ewo 1804 yo.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel