Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti, 20 oktòb 2024 -Tinouvel.com
Jij Benjamin Félisme nonmen pou dirije ankèt sou 3 konseye prezidansyèl yo
Dwayen Tribinal Premye Enstans Bernard Saint Vil te chwazi jij Benjamin Félismé pou dirije ankèt la. Selon enfòmasyon yo ,majistra pral konvoke Louis Gérald Gilles, Smith Augustin ak Emmanuel Vertilaire.Li gen 3 mwa pou mennen ankèt yo.Yon rapò ULCC akize 3 konsène yo nan"koripsyon pasif" nan zafè BNC.
Ansyen prezidan Bank Nasyonal Kredi Raoul Pierre Louis te akize Gilles, Augustin ak Vertilaire te mande l 100 milyon goud pou yo te kenbe l nan pòs li.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com