Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti ,30 oktòb 2024-Tinouvel.com
Ayiti -Sekirite
Ki sa ki kache dèyè Studebaker Defense Group la ki ta gen pou rantre nan peyi a?
Nan emisyon "Se sa nou vle mèkredi 30 oktòb 2024 ,animatè emisyon an Rudy Thomas Sanon" te denonse premye minis Garry Conille ta kontakte mèsenè Studebaker Defense Group pou antre ann Ayiti nan mwa sa yo e mesye Sanon tap menn anonse CPT ta ekri PM lan pou l mande l eksplikasyon sou inisyativ pèsonèl sa a li te pran pou envite mèsene sa yo.
Ki sa Studebaker Defense Group ye? e ki sa ki kache dèyè inisyativ sa a?kesyon sa yo nou pral tante reponn nan atik sa a.
Ki sa Studebaker Defense Group ye?
Studebaker Group se yon òganizasyon miltinasyonal ki gen katye jeneral Ozetazini. Yo travay nan sektè defans ak entèlijans, teknoloji, aparèy militè, ak sektè endistriyèl sansib. Se Wesley Clark, yon jeneral militè retrete kap dirije konpayi sa a.
Studebaker Defense Group se konpayi kap vann konsèy militè ak "sekirite". Li se konpayi mèsenè sekirite miltinasyonal ki konpoze ak ansyen sòlda ak mesye/dam nan sèvis entèlijans ak espyonaj.
Studebaker Defense Group gen ladann anpil ansyen ofisyèl Pentagòn ak CIA .Enstriktè li yo se ansyen manm sevis entèlijans ak operatè nivo 1 ki te travay nan lapolis lokal yo ak entènasyonal ak kò militè ki te nan operasyon.Li fe fòmasyon pou lapolis ak lame lokal yo pou pote sekou ak otaj, teknik konba, anti-kontrebann, anti-piratri , enfiltrasyon, kontwòl fwontyè.Yo bay ekspètiz nan rekonesans klandesten, enfiltrasyon, kont teworis, nakoteworis, trafik moun,espyonaj kont-espyonaj ak operasyon maritim.
Yo travay nan tout kontinan yo, yo opere Etazini, Amerik Latin, Lafrik, Ewòp lès, Mwayen Oryan ak Azi Sidès. Li bay divès kalite sèvis sekirite nasyonal, militè ak lapolis. Li fè operasyon espesyal ak klandesten pou divès kalite gouvènman lejitim ou pa .Yo fè penetrasyon nan batay geriya iben (nan vil ) ak anti teworis ,li bay ekipman ak teknoloji ki gen rapò ak defans ak militè .
Studebaker Defense Group te fè an 2021 yon patenarya ak yon gwoup mèsenè Sid Afriken ki rele Executive Outcomes Eeben Barlow, yon ansyen Kolonèl nan Fòs Defans Sid Afriken nan epòk Apartheid la te kreye ,pou kounye a li nan konsèy administrasyon Studebaker Defense Group, kote li nan li se "Konseye Estratejik pou Lafrik". Dapre Intelligence Online, patenarya a te kreye nan entansyon pou rivalize ak Gwoup Wagner la, ki ap opere tou ann Afrik.
Ki sa ki kache dèyè Studebaker Defense Group kap rantre ann Ayiti?
Konpayi sa yo souvan aji an kachèt nan non leta y ap vann sèvis yo yon fason pou evite pwoblèm politik e pou yo aji an tou tout enpinite .Pran sevis mèsenè yo toujou kache dèyè yon ekran lafimen itil.Sa nou wè e yo se pa sèlman kap regle nan reyalite a.
Rantre mèsenè kapab tou konstitye yon siy sipò politik , piti koulye de peyi ki voye yo ap peyi kap resevwa yo a.Men akote travay yo konn di yo vin fè yo gen lòt gen objektif anba chal tankou pwoteje byen peyi ki voye gen nan peyi kap resevwa yo.
Nan yon atik ki rele :"Otorite ayisyen yo te rankontre an kachèt ak gwoup ansyen jeneral ameriken Studebaker nan dat 21 avril 2023 montre trè klèman se pa premye fwa gwoup Studebaker vle vinn travay ann Ayiti.
Nan fen mwa mas, Wesley Clark, yon jeneral militè retrete kat etwal e ansyen kandida Demokrat a la prezidans, te kontakte Premye Minis defakto Ayiti a, Ariel Henry. Clark te ekri l kòm prezidan Studebaker Defense Group, te envite Henry vin jwenn li nan yon reyinyon biznis nan anbasad Ayisyen an nan Washington nan dat 31 mas 2023 .
"Mwen envite ou vin jwenn mwen nan rankont epi mwen espere nap diskite sou yon posib inisyativ refòm sektè sekirite an Ayiti," jeneral retrete a te ekri nan lèt la HRRW te jwenn . "Nou ta renmen òganize tou yon dine prive pou ou nan aswè 31 si ou disponib."
Dapre Jake Johnston ,yon Chèche Asosye Senior nan Sant pou Rechèch Ekonomik ak Politik nan Washington, D.C :"Henry pa t vwayaje pou Washington, men anbasad la te òganize yon evènman 31 mas kote ofisyèl Studebaker ak lòt jwè nan sektè prive te patisipe, dapre yon pwojè odijou ,Lwa sou Enskripsyon Ajan Etranje (FARA) te pèmèt divilgasyon pou piblik la kapab konsilte li.
Lobiis patante , Angelo Viard, te depoze dokiman yo nan mitan mwa Mas la, li di li te otorize pou l travay nan non Premye Minis Henry. Dokiman yo endike Viard, yon biznisman ayisyen-ameriken e ansyen Direktè Jeneral VCS mining ap fè travay la sou baz volontè e li te ede tou òganize yon rankont ant Henry ak aktè sektè prive a .ane pase a nan Miami
Atik la raple konpayi minye VCS Viard ap dirije a te fè gwo tit nan kòmansman ane 2015 nan laprès ameriken lè yo te revele Tony Rodhman, frè Hillary Clinton, te manm konsey administrasyon VCS,yon konpayi minye kap eksplwate lò nan no peyi dayiti .Nap jwenn yon ekstrè atik Washington Post la nan galeri foto nou yo.
"Bocchit Edmond, anbasadè ayisyen an, se li ki te òganize reyinyon 31 mas la men li pa fè kòmantè sou evènman sa a dapre atik la .
Malgre ni Clark ni Henry finalman pa t patisipe pèsonèlman nan evènman anbasad la, senk jou apre Clark ak lòt ofisyèl Studebaker te vwayaje nan Pòtoprens kote yo te rankontre ak Premye Minis defakto nan salon diplomatik nan ayewopò an. Studebaker ak yon pòtpawòl premye minis late konfime reyinyon an . "Objektif diskisyon an se te diskite sou posiblite inisyativ refòme sekirite ayisyen an," te eksplike yon ofisyèl Studebaker. "Kounye a, nou pa gen okenn relasyon fòmèl ak gouvènman an Ayiti oswa ak Mesye Angelo Viard," yo te ajoute. Pòtpawòl premye minis la pa bay plis detay sou reyinyon an oswa sou sa ki te diskite.Nap jwenn yon ekstrè nan youn nan dokiman yo.
Apre reyinyon an ,sèt mwa apre Henry te mande fòmèlman kominote entènasyonal la pou l fè entèvansyon militè ann Ayiti. Nan mitan mwa avril, medya yo te rapòte gen yon dokiman sevis entèlijans ameriken yo te di Gwoup Wagner ki afilye ak leta Ris "te planifye pou vinn ann Ayiti tou ankachèt pou evalye posiblite yon kontra ak gouvènman ayisyen an pou konbat gang lokal yo. Yon ofisyèl gouvènman ayisyen te di Miami Herald pa t gen reyinyon ak Group Wagner la e dokiman ki te deyò pa genyen okenn prèv reyèl prezans yo an Ayiti.
Atik la raple tou Clark te rantre ann Ayiti kòm manm sektè prive a ,yon mwa apre tranblemanntè 2010 la e li te rankontre ak Prezidan Lè sa a, René Préval pou l te fè "yon prezantasyon komèsyal sou yon kay ki ka reziste anba siklòn ak tranblemanntè, ki fèt pou rezidan ki gen ti revni," yon kab diplomatik Wikileaks te pibliye . Clark te anndan konsèy administrasyon konpayi InnoVida Holdings, ki finalman te resevwa yon prè 10 milyon dola nan men US Overseas Private Investment Corporation, predesesè DFC. Sepandan, konpayi an pa janm bati okenn kay. An 2012, yo te arete PDG InnoVida Claudio Osorio pou fwod. Li finalman te plede koupab epi yo te kondane a 12 ane nan prizon poutèt li te twonpe envestisè yo sou prè $40 milyon dola epi li te fè fo deklarasyon nan aplikasyon prè OPIC la.
Ane apre yo, Clark te di laprès byenke li te nan lis manm nan konsèy InnoVida , li te sèlman rekrite l finalman dekline. "Mwen te aprann lè mwen pran sant,mwen dwe jete m," Clark te di nan moman an.
An konklizyon konpayi militè prive (CMP) tankou Wagner, Patriot, Sèvis Sekirite Sewa, oswa Shchit ,Outcomes Blackwater ak Studebaker Defense Group toujou ap sèvi enterè militè, politik ak ekonomik peyi dorijin yo kit se Larisi ,Etazini ,Lafrans e menn Afrik di sid , yo pa vini pou pwoteje yon rejim ki anplas sèlman yo vini sitou pou apwopriye resous lòt peyi tankou yo akòde Outcomes EO dwa pou te eksplwate min dyaman .
Studebaker Defense Group ka vini tou pou pwoteje min lò Angelo Viard ak Tony Rodhman, frè Hillary Clinton
Gwoup Travay Nasyonzini nan yon etid sou Itilizasyon Konpayi Militè Prive yo te soulve enkyetid yo sou pratik sa yo e yo te avèti itilizasyon mèsenè ak konpayi militè ak sekirite prive yo k ap opere nan espas imanitè a, ap ogmante risk pou vyolasyon dwa moun.
E Mèsenè yo se manifestasyon privatizasyon sekirite nan nivo mondyal pou yo e kont pep eksplwate , domine ak afame yo .
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com