Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Lapolis arete Kemi Seba nan vil Pari , sa nou dwe konnen 

Lapolis arete Kemi Seba nan vil Pari , sa nou dwe konnen 

Pari ,Frans ,15 oktòb 2024 -Tinouvel.com 


Afrik


Tinouvel ak RT 


Lapolis arete Kemi Seba nan vil Pari , sa nou dwe konnen 


Kémi Séba,  aktivis franco-beninwa Kemi te jwenn arestasyon li nan Pari.Prezidan ONG Urgences Panafricanistes ta swadizan itilize yon paspò diplomatik Nijeryen pou antre nan teritwa fransè.


Kemi Seba, figi ki pi popilè nan mouvman Pan-Africanism, te arete nan vil Pari nan yon restoran nan 15 zyèm awondisman an pandan li te  akonpaye ak kolaboratè li Cyrille Kamden. Arestasyon sa a,te fèt 14 oktòb 2024, epi plizyè medya te byen vit konfime l.


Kounye a li nan gadavi nan yon komisarya lapolis, yap louvri ankèt sou aktivis la  pou sispisyon nan vyole règleman pou antre sou teritwa fransè. Dapre premye enfòmasyon, Kemi Seba te antre an Frans 10 oktòb, li te soti nan Espay ak yon paspò diplomatik Nijeryen.


Li te anonse retou li pou te fè pwomosyon nouvo liv li a, yon evènman ki te atire anpil  atansyon sou rezo sosyal yo. Otorite franse yo poko devwale ofisyèlman rezon egzak  arestasyon sa a, men li ta ka lye ak itilizasyon paspò diplomatik gouvènman Nijeryen an te bay, sitou si Lafrans pa t rekonèt dokiman an . 


Kontèks


An jiyè 2024, Lafrans te retire ofisyèlman  nasyonalite fransè   Kemi Seba , yon desizyon ki te pran pa dekrè pou tèt pozisyon li te jije kontrè ak enterè Lafrans. Dapre li, sa a se anpeche batay  kont Fransafrik. 


Kèk semèn apre, nan dat 4 out 2024, gouvènman militè Nijeryen Jeneral Abdourahamane Tiani ap dirije te akòde l yon paspò diplomatik kòm yon siy rekonesans pou 25 ane li nan lit pan-Afrikanis. 


Seba wè dokiman sa a kòm yon zak solidarite ak yon fason pou kontoune pèt nasyonalite fransè li a, ki, dapre li, te vize pou limite vwayaj li ak frennen aktivite li ann  Afrik.


tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article