Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Santo Domingo, Repiblik Dominikèn ,7 oktòb 2024 -tinouvel.com
Repiblik Dominikèn- Imigrasyon
Luis Abinader, zenofòb e rasis kont " imigran ayisyen nan Repiblik Dominikèn.
Repiblik Dominikèn anonse Mèkredi li pral kòmanse depòtasyon masiv Ayisyen k ap viv ilegalman nan peyi a.
Pòtpawòl gouvènman Luis Abinader, Homero Figueroa anonse yo pral mete jiska 10,000 ayisyen deyò chak semèn.Gouvènman an pran desizyon an apre li di i te remake yon "pakèt" imigran ayisyen an Repiblik Dominikèn, ki pataje zile Ispanyola ak Ayiti.
Samdi 5 oktòb plizyè santèn moun te manifeste nan" Plaza de la Bandera " pou apiye politik zenofòb e rasis Luis Abinader yo tap egzije yon " kontwòl rigoure sèvis imigrasyon an fas ak antre masiv ayisyen ki nan yon sitiyasyon iregilye nan peyi a.Yo tap chante " Ayisyen deyò " "Viv Duarte", "Kowonpi soti"nan peyi nou an, nou mande" gouvènman an pran aksyon desizif devan sa yo konsidere kòm yon "envazyon ayisyen'.Si Abinader pa fè l se nou ka fè l,manisfetan tap repete sou pakou yo a.
Depi apre lòd Prezidan Luis Abinader, operasyon sèvis imigrasyon yo entansifye yon fason pou atenn objektif rapatriye 10,000 imigran iregilye chak semèn.
Nan Santiago, prezans militè yo, ajan Imigrasyon yo akonpaye ak popilè "kamyon" yo mete ak Polis Nasyonal te ogmante anpil nan lari a, e vinn gen plis plent pou abi pouvwa ak move tretman ak detansyon ilegal sou imigran ayisyen ansanm ak pwòp sitwayen dominiken yo.
Direksyon Jeneral Migrasyon rapatriye 4,944 Ayisyen depi 1ye oktòb apati Dajabón ,se ayisyen ak dominiken nwa yo te te arete pandan operasyon yo te fè nan pwovens Santiago, Valverde, Santiago Rodríguez ak lòt lokalite ankò.
Netwayaj etnik .
Operasyon Direksyon Jeneral Migrasyon sanble ak yon netwayaj etnik sou pwòp teritwa dominiken an .Yo arete, yo mete an detansyon e menn depòte pwòp sitwayen yo,sèl krim yo koulè po yo. Miguelina Barrientos, yon manman Dominiken ki abite nan pwovens Montecristi, te devan sant imigrasyon an nan Santiago, ap chèche pitit gason l gad yo te arete “paske li te nwa”.
Li di yo te arete ti gason an pandan li te achte yon manje nan Villa Vásquez, "paske kounye a ou pa ka nwa, kounye a se yon krim pou nwa, paske ou nwa kounye a ou se ayisyen".
Miguelina fè konnen apre li fin montre idantite dominiken pitit gason l lan, paspò ak rezidans ameriken, yo te libere, men lè li te rive nan sant la e li te idantifye tèt li kòm Dominiken, yon gad mande l 500 peso,dapre jounal dominiken Listin Diario.
Amnisti Entènasyonal te foure bouch li sou fason otorite dominiken yo ap menmen operasyon yo .Li te mete aksan sou bezwen ijan pou enstitisyon dominiken yo elimine profilaj rasyal, rasis estriktirèl ak diskriminasyon rasyal .
Ni nan lapè, ni nan respè dwa moun.
Amnisti Entènasyonal te denonse vyolasyon mangonmen dwa moun ki te komèt nan kad politik migrasyon ajan sèvis migrasyon, polis ak manm lame fòs k ap ede Direksyon Jeneral Migrasyon an (DGM) ap fè sou Ayisyen ak Dominiken ki gen orijin ayisyen nan operasyon depòtasyon li yo.
Yo mande pou otorite dominiken garanti respè pou diyite imen ak entegrite fizik imigran ayisyen ak dominiken ki gen orijin ayisyen yo.
Gwoup Sipò pou Repatriye ak Refijye yo (GARR) sou bò pa li te denonse yon seri de mezi diskriminatwa otorite Dominiken yo te anonse pou 2 oktòb 2024 la .
GARR mande pou yo respekte dwa chak ayisyen nasyonal nan Repiblik Dominikèn. Pandan rapatriman fòse sa yo dwa migran ayisyen pa respekte .
Sant koleksyon ki resevwa dè santèn de imigran ki te arete te santi ,anndan sant la se yon sèn dezespwa dapre jounal Listin Diario,migran ayisyen yo lage san manje e selil yo chaje ak moun.Dapre Jumilce Valcin, yon pastè ayisyen , jounal te site li "estime genyen ant 60 ak 80 moun nan chak chanm oswa selil, gen kèk moun ki" pa menm ka respire, ak anpil moun sa yo mete sou move odè ."
Gen imigran ki la depi 2 jou, kote yo pa gen dwa ak manje, se sèlman yon boutèy dlo yo bay yo. Yon fwa yo rive nan etablisman an, yo gen dwa pou yon apèl pou fè yo konnen yo arete yo epi pou yo resevwa sa yo bezwen pou yo kite peyi a e pou vwayaj yo pou retounen ann Ayiti,dapre jounal la.
Deyò sant detansyon an, anpil manm fanmi, zanmi ak anplwayè te eksprime sipò ak rapatriye yo, yo souhete otorite dominiken respekte diyite moun yo epi pou yo pa maltrete yo.
Mesye Sam Guillaume nan GARR blame Prezidan Luis Abinader ki pwovoke katastròf sitiyasyon iregilye sitwayen ayisyen yo nan Repiblik Dominikèn lè li te refize ofisyèl migrasyon Dominiken yo renouvle viza pou ayisyen yo depi kèk tan.Epi LI mande pou yo respekte Konvansyon Entènasyonal Pwoteksyon Dwa Tout Travayè Migran ak Manm Fanmi yo, yon dokiman Dominiken yo siyen ak ratifye .
An konklizyon,Prezidan Dominiken Luis Abinader ki gen orijin libanèz gen degoutans anpil anvè ayisyen kap Sen Domeng ,li gen ostilite anvè ayisyen yo, li sible kòm etranje anvayisè. Abinader gen yon dezi pou elimine gwoup sib sa a, ak yon swadizan laperèz pou pa pèdi idantite nasyonal, etnik ou byen rasyal paske Ayisyen ap fwi ensekirite ak move lavi ann Ayiti.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel