Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pont-Sonde, Latibonit ,Ayiti,4 oktòb 2024 -tinouvel.com
Ayiti-Masak
Pont-Sonde: Apre Masak la,ranfò ou foulay?
Pont-Sonde, yon lokalite nan senkyèm seksyon Sen Mak, nan Latibonit, sou wout nasyonal nimewo 1, te sibi yon lannwit terè soti mèkredi 2 oktòb pou rive jedi 3 oktòb 2024 la.Omwen 70 moun mouri nan atak ame nan Pont Sonde, dapre Nasyonzini.Dapre Biwo Wo Komisarya Nasyonzini pou Dwa Moun (OHCHR) gen anviwon 10 fanm ak twa tibebe,ki mouri nan atak la. Anpil lòt moun te blese ak kout kouto oswa pandan yo t ap kouri.
Plizyè kay, machin ak gerit te boule ,sivivan yo pran refij nan lòt lokalite ou byen sou plas piblik Philippe Guerrier nan Saint-Marc.
Selon enfòmasyon yo se gang Gran Grif ki responsab masak la pou vanje sou yon gwoup oto-defans nan Kafou Pèy ki t ap eseye bòykote yon pòs peman yo te vle enpoze nan kafou sa a pou ransomen popilasyon an.
Gang Savien gran grif te fè premye pati vwayaj la ant Savien ak Pont Sondé nan machin e lè yo rive zòn Poterie, yo te sèvi ak kannòt pou anvayi Pont Sondé yon estrateji ki te pèmèt yo pran gwoup oto-defans yo, Kowalisyon pa sipriz, e ki te oblije yo te kouri anba kòlè yo bandi savyen yo ,dapre RNDDH nan yon rapò.
Dapre temwen yo gang Gran Grif te sènen tout lokalite sa a e tire sou , gason kou fanm, timoun, jèn ak granmoun.Nan yon nòt pou laprès, pòtpawòl OHCHR Thameen Al-Kheetan te anonse gen omwen 16 moun ki blese grav, pami yo de manm gang te blese pandan yon echanj kout zam ak Lapolis Nasyonal Ayiti.Apre masak la, bandi gran grif yo kite baz kowalisyon a pye pase nan potri kote yo tap touye moun sou tout wout yo.RNDDH anonse 23 moun te blese.
Yon masak ki te anonse
Se depi plis pase de (2) mwa te gen rimè planifikasyon yon masak te sikile nan Pont-Sondé , tout moun te konnen menn otorite lokal te akouran bandi grangrif yo tap file kouto yo ,manchèt e te foubi zam yo pou atake lokalite sa a, yon jou anvan envazyon sa a, chèf gang Luckson ELAN ki te anba Nasyonzini te anonse li pral pini popilasyon Pont Sondé paske yo mete tèt yo ansanm ak gwoup oto-defans Kowalisyon e otorite yo pat fè anyen pou te evite kanaj la .
Dapre RNDDH si kantite lajan sèvis entèlijans Biwo Premye Minis la, Prezidans lan, Ministè Enteryè ak kolektiviteTeritoryal yo ak Ministè Jistis ak Sekirite te byen itilize masak Pont-Sondé te kapab evite.Li di lajan divès kalite sèvis entèlijans pa itil anyen, lajan diferan antite sa yo resevwa yo plis itilize nan enterè pesonèl manm gouvènman an ak konseye prezidan yo, plis de (2) obsèvatè yo, resevwa chak yo senk milyon (5,000,000) goud, ki se 1.5 fwa plis lajan pase enstitisyon lapolis la , pou sèvis entèlijans yo jwenn mwens pase twa milyon (3,000,000) goud pa mwa pou sèvis sa a.
Gouvènman an voye ranfò
Popilasyon Pont-Sondé kritike lapolis ki pat entèvni nan lannwit 2 a 3 oktòb 2024 pou te kontre ak bandi yo selon RNDDH.
Apre gouvènman finn kondane atak bandi ame yo sou popilasyon Pont-Sondé.Gouvènman defakto ayisyen voye ranfò pou lapolis ta reprann kontwòl sitiyasyon an. Daprè ,PM Garry Conille fòs spesyalize nan fòs misyon sekirite miltinasyonal deja nan Latibonit.Gouvènman Conille te voye 11 cha blende 5 pou ba latibonit 6 ale nan wo atibonit ,vennkat (24) èdtan apre masak aloske te gen yon cha ki te an pann pou 50 mil goud .Ajan Inite Tanporè Anti-Gang (UTAG) deplwaye kounye a kòm ranfò nan depatman Latibonit.
Pou manm popilasyon sivil la, Polis Nasyonal Dayiti (PNH) abitye pran plizyè dispozisyon, men se toujou pou yon ti bout tan, yo pa janm bay yon repons pwopòsyonèl ak aksyon kriminèl bandi sa yo.Yo vini ,yo parade nan vil apre youn ou 2 jou yo kite sen krim lan san yo pa ni arete ni touye okenn bandi.Seten notab mande pou gouvènman evite fè foulay, yo ta dwe deplwaye inite nan lame a pou atake gang "Gran Grif" baz yo.
Vyolans gang atravè Latibonit, ki pwodui anpil nan manje Ayiti, ogmante anpi nan dènye ane yo.Anpil òganizasyon peyizan objektif atak sa yo se kraze pwodiksyon diri lokal la.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel