Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Siyatè akò Montana yo mande pou yo ekate 3 Prezidan-Konseye ki enplike nan zafè BNC yo ak revokasyon gouvènman an.

Siyatè akò Montana yo mande pou yo ekate 3 Prezidan-Konseye ki enplike nan zafè BNC yo ak revokasyon gouvènman an.

Pòtoprens,Ayiti ,31 oktòb 2024-Tinouvel.com 


Ayiti -Politik


Siyatè akò Montana yo mande pou yo ekate 3 Prezidan-Konseye ki enplike nan zafè BNC yo ak revokasyon gouvènman an.


Nan yon korespondans yo voye bay reprezantan yo nan Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la (CPT), siyatè Akò Montana te eksprime gwo enkyetid yo konsènan sitiyasyon aktyèl peyi dAyiti. Nan korespondans sa a 26 oktòb 2024, yo fè anpil rekòmandasyon pou  soti  peyi a nan enpas li ye la, pami yo li mande pou ekate twa konseye prezidansyèl ki akize nan yon rapò Inite Anti-Kòripsyon an (ULCC) nan dosye BNC ak revokasyon gouvènman Garry Conille.

 

Lèt sa a, ki adrese dirèkteman ak Konseye-Prezidan Fritz A. Jean, mande pou li pran  aksyon imedya.

 


Siyatè yo mete aksan sou yon kontèks sosyal alarmant, ki make pa ensekirite kap galope, vag vyolans, deplasman fòse popilasyon yo, ak enflasyon san kontwòl ki ap vin pi mal ak move kondisyon lavi plizyè milyon sitwayen.


 

Òganizasyon ki  siyen yo mande pou voye gouvènman Garry Conille ale ,yo dekri kòm "enkonpetan". Yo mande pou piblikasyon rapid dekrè esansyèl, tankou sa ki gen rapò ak nominasyon manm Konsèy Sekirite Nasyonal (CNS) ak Òganizasyon Kontwòl Aksyon Gouvènman an (OCAG).

 

Siyatè yo mande tou yon revizyon nan konpozisyon Komite Direktè Konferans Nasyonal Souvren an ak Komite Jistis ak Verite a. Yo ensiste tou sou nesesite pou pibliye "yon vèsyon aktyalize Akò ki te siyen nan dat 3 avril 2024 la, yon fason pou ranfòse koyerans ak adesyon . 

 

Òganizasyon ki siyen korespondans sa a se: AMC-HAITI, RASIN KAN PEP, UNNOH, PPRN, KONBIT, PPN, Nou Vle Viv, COSHARCO, IPAM, COMIPOL, KOFAVA, SEKTE POPILE, KPSAM, RSD, BAAM, ASO, PADEMH ak KONAKOM. / KRN.


Sous Gazette
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article