Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Solino:Afwontman yo ap kontinye omwen 3 moun mouri pami yo yon polisye

Ralph Isaac, 27èm pwomosyon  PNH

Ralph Isaac, 27èm pwomosyon PNH

Pòtoprens,Ayiti ,25 oktòb 2024-Tinouvel.com 


Ayiti -Ensekirite 


Solino:Afwontman yo ap kontinye omwen 3 moun mouri pami yo yon polisye

 

Omwen de sivil ak yon polisye te mouri jedi 24 oktòb nan katye Solino, nan kapital Ayiti, Pòtoprens, nan batay ant gang Bel-Air  Kempès Sanon ap dirije ak abitan solino ki jwenn ranfò  inite espesyalize nan Polis Nasyonal Dayiti. 

De(2) rezidan ki te mouri te resevwa bal nan tèt yo, Ralph Isaac, 27èm pwomosyon nan PNH ,yon polisye nan zòn ki enplike nan batay pou pwoteje katye li a mouri anba Kowalisyon gang Viv Ansanm pandan afwotman sa a. 

 

Sendika Lapolis la (SPNH-17) te konfime lanmò polisye  Ralph Isaac e te salye kouraj ak deteminisasyon li ki tap  fè fas kare an  bandi sa yo.


Dènye ka lanmò sa a nan Polis Nasyonal Dayiti fè kantite polisye ki te mouri anba bal pase a 26  pou ane 2024 la . Ane pase a, 34 polisye te mouri ak 22 te blese ann Ayiti nan ensidan ki gen rapò ak gang.


Dapre yon rezidan Solino  gen plizyè lòt moun ki blese nan popilasyon solino e li deklare abitan nan katye ap kontinye rezistans anfas ak Kowalisyon gang Viv Ansanm kap eseye pran kontwòl katye  pou yo ka  anvayi wo Dèlma ak Petionvil.Anplis de sa, li anonse plizyè bandi te mouri  san li pat presize kantite  a. 

Lapolis tabli yon baz nan Delmas 24

Depi 17 oktòb katye solino ak zanviwon anba atak ame  Viv Ansanm .Nan kòmansman semèn sa a, enstitisyon lapolis te anonse yo te ranfòse prezans yo nan katye Solino e menm tabli yon baz lapolis nan Delmas 24 pou kontinye operasyon kont gwoup kriminèl ki anvayi zòn nan. Sepandan, bandi ame, ki kache nan kay yo, kontinye defye lapolis epi kontinye fè viktim nan mitan  lapolis ak moun ki abite nan Solino.

 Bandi yo fòse popilayon kite katye yo

Pwoteksyon Sivil  anonse  5,000 moun kouri ki katye  solino,  ri Anglade, Sylvia, ak  koridò Bastia.Epi bandi ame nan kowalisyon  "Viv ansanm" te mete dife nan plis pase trant kay nan Solino pandan jounen lendi 21 oktòb 2024 .

Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon an (OIM) rapòte  10,056 moun te deplase nan mwens pase yon semèn akòz atak gang ame nan Pòtoprens, Delmas, Tabarre ak Sen Mak. Apati 23 oktòb, 8,361 te kouri kite kay yo nan Pòtoprens ak Delmas, alòske 1,695 te deplase nan Tabarre nan mitan vyolans ki ap ogmante.


Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article