Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti ,21 oktòb 2024-Tinouvel.com
Ayiti -ensekirite
"ViV Ansanm" kontinye ap defye otorite yo,Solino ap reziste
Apre 1 an sèt mwa rezistans finalman bandi ame nan kowalisyon "ViV Ansanm" rantre nan solino , yo touye, boule kay nan diferan katye nan zòn Saint-Michel, Paul Lauchard, Sylvio Cator, Anglade ak Koridò Bastia.Bandi ame nan gwoup "Viv Ansanm"te piye tout bagay yo jwenn sou wout yo.
Atak la te kòmanse depi 17 oktòb 2024 e nan douvan jou dimanch bandi viv ansanm yo atake solino ak plizyè dizèn jen gason ak gwo fizi nan men yo e yo rive pran kontwòl yon pati nan zòn lan. Dapre temwen yo ,gang kowalisyon "Viv Ansanm" te pran pozisyon nan ri Anglade, yon pwen estratejik pou domine Solino, asayan yo t ap eseye demoli miray lekòl Jetsemani a pou antre nan kè katye a.
Rezidan yo kouri kite zòn nan pou yo pa tonbe anba vyolans gang ame sa yo k ap aplike estrateji "Kay pa kay, katye pa katye", anba je Premye Minis Garry, lidè CSPN a, ak Lapolis li.
Rezistans ap kontinye
Malgre apèl a lèd abitan solino te lanse depi Jedi, lapolis poko toujou voye ranfò pou sipòte polisye ak militè nan zòn nan k ap eseye reziste anba kriminèl yo dapre yon sitwayen ki abite nan Solino.Li fè konnen men si gen yen anpil kap chape poul kite katye solino,men si se yon sèl moun ki rete ,rezistans lan ap kontinye pou katye a pa tonbe anba men bandi sa yo.
Gwo deplwaman lapolis nan katye Solino, pou ki rezilta ?
Plizyè inite spesyalize nan Polis Nasyonal Dayiti (PNH) nan tèt kole Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal (MSS), aktyèlman te deplwaye nan katye Solino a, apre tantativ gang kriminèl ak teworis yo te chèche, a tout pri, anvayi katye sa a nan objektif pou anvayi Wo Delmas ak Petionvil,dapre yon nòt PNH te pibliye sou paj Facebook li.
Operasyon lapolis te gen misyon pou repouse bandi yo nan zòn Saint-Michel, Paul Lauchard, Sylvio Cator, Anglade, Koridò Bastia ak nan vwazinaj li yo, pou katye sa a ta rete anba kontwòl total Polis Nasyonal Dayiti.
Pou yon abitan nan zòn ki tap entevni nan emisyon Le randevou sou GazetteHaiti ,entèvansyon sa yo pap men ak anyen paske bandi yo pa goumen nan gran aks, mete plizyè gwo Blinde nan gran aks yo pap anpeche bandi kontinye atake paske se mi yo ap kase epi pase nan koridò, lapolis ta dwe atake bandi yo nan sous pou anpeche yo atake nan katye sa a e PNH dwe itilize militè ak polisye nan zòn pou kontinye kontrekare bandi sou teren an, li te ajoute nan mikro Assad Volcy.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com