Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Alix Didier Fils-Aimé envesti kòm nouvo premye minis 

koutwazi Gazette Haiti News
koutwazi Gazette Haiti News

koutwazi Gazette Haiti News

Pòtoprens ,Ayiti,11 novanm 2024-Tinouvel.com


Alix Didier Fils-Aimé envesti kòm nouvo premye minis 


Yon nouvo premye minis ayisyen prete sèman lendi 11 novanm nan pou ranplase Garry Conille  Konsèy tranzisyon prezidansyèl la te revoke dimanch akòz yon konfli ant chèf gouvènman sòtan an ak Konsèy Tranzisyon an. 


Apre senk mwa sèlman sou pouvwa a,Garry Conille kite pouvwa ak yon bilan byen mèg e biznisman Alix Didier Fils-Aimé resevwa enpliyasyon li nan men  Prezidan aktyèl CPT Leslie Voltaire jodia menn .

 

Nan premye diskou li a, Premye Minis Fils-Aimé  pwomèt pou l konsakre tout enèji l pou sove  peyi a ki  devaste anba vyolans gang yo.

 

"Mwen pran angajman (...) pou m mete enèji mwen, konpetans mwen ak patriyotis mwen an nan sèvis kòz nasyonal la," te deklare Misye Fils-Aimé.

."Premye travay esansyèl ki detèmine siksè tranzisyon an se restorasyon sekirite," li te anonse. "Pèp ayisyen an merite lapè, estabilite ak devlopman dirab."

Nouvo Premye Minis la  pwomèt nan  diskou envestiti li an  pou "travay san pran souf (...) pou koyesyon politik" ak "retablisman sekirite" nan peyi a.


Nouvo PM Alix Didier Fils-Aimé mande inite pou rezoud pwoblèm peyi a ap rankontre depi kèk tan. Fils-Aimé rekonèt  sitiyasyon an difisil, men li di " pa gen anyen ki enposib". "Mewn pa nan kivaj politk ni nan ni moun anwo  ni moun anba fok nou rasanble pou  Ayiti Alix Didier Fils-Aimé te raple asistans lan


Sekirite ak eleksyon se de priyorite Premye Minis tranzisyon an, Alix Didier Fils-Aimé di li genyen pou tranzisyon sa a.Li pwomèt pou l kòmanse travay rapidman e mande sipo tout fonksyone leta pou rive atenn objektif sa yo.


Alix Didier Fils-Aimé fèt 14 novanm 1971 e yon ansyen kandida pou Sena anba banyè patit politik Verite e ansyen prezidan konsèy administrasyon Chanm Komès ak Endistri Ayisyen an. Li genyen yon diplòm jesyon  nan inivèsite Boston. Alix Didier Fils-Aimé se piti gason ansyen depite Alix Boulon Fils-Aimé, yon militan anti Divalye.

Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article