Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Ayiti konvoke anbasadè Lafrans apre pwopo "inaseptab" Macron"Jupiter"

Ayiti konvoke anbasadè Lafrans apre pwopo "inaseptab" Macron"Jupiter"
Ayiti konvoke anbasadè Lafrans apre pwopo "inaseptab" Macron"Jupiter"

Pòtoprens, Ayiti - 22 novanm 2024 -Tinouvel.com

 Ayiti-Diplomasi


Ayiti konvoke anbasadè Lafrans apre pwopo "inaseptab" Macron"Jupiter"


 Minis Afè Etranjè Harvel Jean Baptiste konvoke Anbasadè Fransè  Antoine Michon Jedi 21 novanm 2024 apre pwopo "inaseptab" Emmanuel Macron yo .Ministè a egzije Mesye Michon pou l vinn eksplike tèt li, yon premye pandan 20 dènye ane relasyon ant Ayiti ak Lafrans .


Prezidan fransè a akize otorite ayisyen yo ki te revoke Premye Minis Garry Conille tankou yon banm "Idyo"apre yo li te fin kite Somè G20 a o Brezil.


Chanselye ayisyen an te  eksprime endiyasyon pouvwa tranzisyon an e li konsidere pwopo sa yo  kòm yon jès  ki  pa amikal  e  pa apwopriye  e li di   ki  merite korije.


Dapre diplomasi ayisyen an, anbasadè fransè a rekonèt se de"kòmantè  malere".  "Yo  adrese e remèt anbasadè  a  yon lèt pwotestasyon ofisyèl pou  minis afè etranjè fransè a, Jean-Noël Barrot.

 

"Jipitè," (non vanyan advèsè politik ba Macron) kontinye  vanse nan awogans san limit anvè  e kont Ayiti. San li pa prezante  ekskiz bay otorite ayisyen ni retounen sou polemik la. Emmanuel Macron, devan manm Kongrè Chilyen nan, di li renouvle sipò Lafrans pou tout inisyativ ki vize estabilize sitiyasyon politik la,  ak pwop pawòl li,deklare "Ayisyen merite sa".


Non mesye Macron  nou merite plis ke sa .Nou se ayisyen ak Batay Vètyè 18 novanm 1803 chanje pakou listwa lèzòm nan asire triyonf libète sou fènwa esklavaj dapre yon editoryal Jounal Cri du Peuple.

Pou reekri pawòl selèb  Kemi Seba  yo nan moman lafrans te pran paspò li an, nap repete pou  "Jipitè": “Sipò w se pa yon zo  wap ban nou ou wete suivan degre  soumisyon devan pye ou ,"kòm si moun nwa yo te chen. Ayisyen se  nèg nwa lib. Nou se desandan Afriken lib. Nou se Ayisyen  lib”.

 


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article