Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Bwa kale 2.0 : 30 prezime bandi ta tonbe

Bwa kale 2.0 : 30 prezime bandi ta tonbe
Bwa kale 2.0 : 30 prezime bandi ta tonbe
Bwa kale 2.0 : 30 prezime bandi ta tonbe
Bwa kale 2.0 : 30 prezime bandi ta tonbe

Pòtoprens, Ayiti - 19 novanm 2024 -Tinouvel.com

 

Ayiti-Ensekirite


Bwa kale 2.0 : 30 prezime bandi ta tonbe


Rejyon metwopolitèn Pòtoprens leve anba gwo tansyon madi 19 novanm sa a apre Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) te entèsepte, byen bonè madi 19 novanm 2024 la, yon kamyon ki tap transpòte plizyè prezime bandi ak minisyon,tou pre otèl Oasis, nan Pétion-Ville.Dapre premye enfòmasyon,  pòtpawòl adjwen PNH di  kriminèl yo te planifye pou vinn tabli yon chèf gang  lokal pou ranfòse enfliyans yo.


Entèvansyon rapid fèt pou netralize menas la, mete yon fen nan operasyon kriminèl sa a anvan li te grandi.


Selon Lionel Lazarre, pandan yon entèvyou nan telefòn ak Assade Volcy DDO1 te entèsepte nan Poste Marchan yon minibus ki tap transpòte bandi ak minisyon .Omwen 10 prezime  bandi te mouri, yo sezi zam afe, pami yo twa Kalashnikov, dè santèn de milye bal  ak yon dwon , pòtpawòl la te konfime pou jounalis yo.


Zòn Lalue ak Bourdon te  gen anpil kout zam ki tap tire  byen bonè madi 19 novanm 2024 la. Nan 2èm  riyèl Rivière, PNH la, akonpaye ak popilasyon an, deloge bandi ki te pran refij nan  ansyen klinik Doktè Claude Démesmin ,dapre Magik 9 e li rapòte: “Plis pase twa bandi te mouri nan echanj kout zam ant 2yèm riyèl Rivière ak ravin Canapé-Vèt la.


Lionel Lazarre enfòme  popilasyon an  plizyè bandi  gaye nan raje  a e avèti yo ame e danjere epi operasyon yo ap kontinye pou jwenn lòt bandi kap kouri yo,  otorite lapolis yo ap mande popilasyon pou kolabore ak yo pou fasilite efò PNH pou kwape bandi sa yo, li mande popilasyon an rete aktif e vijilan pou l deloje lòt bandi ki al  kache nan ravin Boudon nan, daprè Mesye Lazarre.


Entèvansyon PNH te lakòz plis pase trant prezime bandi  mouri dapre Lazarre .Apre entèvansyon lapolis , rezidan nan Canapé Vert ak  Bourdon  fache ,yo mete dife nan  kadav yo, eksprime fristrasyon yo nan ogmantasyon ensekirite ak vyolans  gang yo.


Kout zam otomatik   tap tire  toupatou. Barikad kawotchou tap boule sou plizyè wout, sa ki te  ranm trafik machin yo  difisil. Lòt wout  ki mennen nan Canapé-Vert pa aksesib.Soti Musseau rive nan avni Panamerican, nan Pétion-Ville, kote yo te kenbe kamyon ki  tap transpòte bandi yo, yon fotograf Le Nouvelliste te konsate anpil kadav tap  boule nan lari yo . 


 Moun ki rete nan diferan katye sa yo te kontinye mobilize pou  yo te ale lachas kont bandi yo ki gaye nan bwa, pandan yo t ap eseye chape poul yo .Pou moman sa a, bilan afwontman yo pa  definitif .
Sitiyasyon an rete tandu nan Pétion-Ville, Kanapevè kote rezidan yo, toujou sou chòk, ap eseye reprann kalm apre gwo evènman sa yo.E pou konbyen tan Bwa kale 2.0 ap dire.Kote kapital toujou sou menas viv ansanm.

Apre ensidan sa yo Rejyon metwopolitèn Pòtoprens bloke a 85 pousan dapre Makenson Remy.

Nan gad vyolans avèg popilasyon  ,fok yo evite fè viktim inosan p.

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article