Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Chante pwezi , yon Pwomès Wooly Saint Louis Jean kenbe nan dènye albòm li an

Chante pwezi , yon Pwomès Wooly Saint Louis Jean kenbe nan dènye albòm li an
Chante pwezi , yon Pwomès Wooly Saint Louis Jean kenbe nan dènye albòm li an

Nouyòk ,Etazini,10 novanm 2024-Tinouvel.com

 

Chante pwezi , yon Pwomès Wooly Saint Louis Jean kenbe nan dènye albòm li an

 

Wooly Saint Louis Jean  te pwomèt zanmi li yo,kamarad li yo ak fan li yo yon kichòy yon jou kap jou la p transfòme yon powèm an chanson? li te deside pou chante Pwezi nan dènye albòm li an.


Serge Gainsbourg, Léo Ferré, Georges Brassens ak   plizyè gwo entèprèt  te leve defi sa a pou  plezi fanatik li yo,"pou ki se pa mwen tou ?"mwen tou, mwen kapab mete   nan mizik powèm plizyè powèt ayisyen tankou Felix Morisseau Leroy ,Syto Cave, Robert Large, Lionel Trouillot, Avin Francois, Bonel Auguste, Claude Pierre ,Rodolphe Mathurin li te di nou nan yon konvèsasyon ak redaksyon Tinouvel.

Anlagan lide sa a parèt senp ,men anreyalite li pat fasil pou chache marye pwezi yo ak  ritm yo , chantè a te vle bay yon travay pafè pou meloman yo,li te vle  ranm li agreyab pou zorèy nou  .

Li  pran enspirasyon nan powèm yo pou li reranje yo nan fason pa li, Wooly Saint Louis espere :"Bay pwezi yon lòt dimansyon", "gen yon divèsite de ritm atravè pwomès la" li te di nou .

 

Pran yon powèm epi mete l nan mizik se petèt yon fason pou retabli noblès yon ganr souvan meprize ann Ayiti : Pwezi a.Wooly reyizi mete 15 nan yon menn albòm pou bonè fanatik ak moun ki renmen mizik ak pwezi an menn tan.

 

Dayè konpozitè a, se yon entèprèt tou , nan zèv powetik "Touris Pa Pran Pòtre m ,Felix Morisseau Leroy(1912–1998) li te defini rèv li genyen pou tèks sa a" Mwen te vle ranm yon omaj ak powèt, otè dramatik, aktivis, ekriven ayisyen Félix Morisseau-Leroy  sa tap fèl san lane si li tap viv ankò lè albòm lan te soti a.


Wooly Saint Louis pa tap di pwezi ,li tap chante pwezi , li tap mete ritm sou pwezi ekriven ayisyen yo:"  Mwen fè Touris Pa Pran Pòtre m  tounen yon blues  epi mwen ranm li trè djazzy.

Vinn apresye li nan vant siyati a pou nou bay dizon nou sa kalite aranjman ki fèt yo, nou tap site l.


Pou Wooly, Pwomès se yon rankont ak powèt yo  men nan mete pwezi yo an mizik  se te yon okazyon pou li te ranm omaj ak kèk chantè prefere li yo tankou Manno Chalmay ak Coupe Cloue . 


Syto Cavé (1944), powèt, lirik ak otè teyat ayisyen byen koni te ekri 21 Ri Timas ,se te youn nan pwezi  atis la transfòme an yon bonm mizikal . Se yon mizik li dedye ak Manno Chalmay e li chante an duo ak Misty Jean ki montre yon lòt fasèt  Misty an chantèz djaz.

 

Bèl powèm Pou ki cheri ? yon tèks de Rodolphe Sonson Mathurin, powèt pwofesè,militan pwogresis ,( Dec1967  Pòtoprens Ayiti) Wooly chwazi chante l an sou yon ritm troubadou ak frazeyoliji ak yon  metafò , yon tandans ala Koupe, yon fason li di   pou rann "atis yon  omaj li merite".

Pwezi Sonson Mathurin li fè l tounen  yon troubadou ki marye ak Bossa Nova ou pa di se yon koupe kloupe wap tande ala Joao Gilberto, papa bossa nova.


konpozitè a mete diferan apwòch nan fenomèn ritmik albòm lan : swa ritm lan gen rapò ak sa li santi nan aranje sèten mizik ak yon balad  djaz, blues, swing swa ritm lan  gen rapò ak pulsasyon natif natal ak  pwen referans troubadou men remanye e akòde ak ritm Bossa Nova tankou nan pwezi dous pou dous Bonel Auguste te ekri.


Finalman, chantè a manyen tout ritm ki gen rapò ak ritm entènasyonal sa yo  tankou bolero, salsa, samba e nan travay sa a atis  la te antoure tou ak yon pakèt gran mizisyen ak chantè ayisyen pou fè albòm lan genyen  yon savè lokal a sa ki fè nou konstate Wooly se yon  gwo konpozitè, yon gwo chantè ak entèprèt .


Nan albòm Wooly Saint Louis Jean  te akonpaye ak mizisyen tankou Reginald Policard,Ricahrd Barbot,Arus Joseph,Jean Didis,Ti sax,Belo,Renette Desir, Boulot Valcourt,Ludwig Leika Jean ,Misty jean e latriye .


Mèsi Wooly Saint Louis Jean

 
Vant siyati ap fèt 30 novanm 2024 nan Woodmont Plaza Shopping Center, 7130 N University Dr Tamarac, FL .

 

Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article