Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens ,Ayiti,12 novanm 2024-Tinouvel.com
Ayiti-Kriz Politik
FAA entèdi tout vòl avyon ameriken ann Ayiti
De avyon JetBlue ak Spirit Airlines te resevwa kout bal nan Pòtoprens lendi 11 novanm lan, dezyèm lan te ateri nan ayewopò Cibao,kay vwazen.
Aprè ensidan ki te pase ak 2 avyon ki te frape pa zam lendi sa a pandan y ap eseye ateri nan ayewopò Pòtoprens la, Administrasyon Aviyasyon Federal (FAA) entèdi vòl avyon Ameriken yo pou Ayiti nan kòmansman madi sa a, dapre ABC News.
kòmandan avyon an te lanse yon alèt 2, sa vle di avyon an te oblije fè yon aterisaj an ijans akòz yon fuit yo te konstate, apre omwen yon pwojektil te frape avyon an .
Ensidan an rive apre gang ame Viv te anonse dimanch sa a nouvo jou laterè nan zòn metwopolitèn Pòtoprens pou pwoteste kont revokasyon Garry Conille.Pou anpil aktè politik se PHTK ki reaktivite gang viv ansanm pou simen latroublay nan kapital la.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com