Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Gang ame nan Viv ansanm touye Doktè Deborah Pierre  nan Pòtoprens

Doktè Deborah Pierre, foto Facebook

Doktè Deborah Pierre, foto Facebook

Pòtoprens ,Ayiti,13 novanm 2024-Tinouvel.com  


Ayiti-Vyolans 


Gang ame nan Viv ansanm touye Doktè Deborah Pierre  nan Pòtoprens

Kominote medikal ayisyen an sou  chòk apre asasina jèn pwofesyonèl ayisyen irològ Deborah Pierre pandan gang ame nan Viv ansanm deklanche yon vag vyolans nan kapital la.

Madi 12 novanm 2024, Doktè Deborah Pierre, te resevwa yon bal nan tèt devan klinik li nan rue Cameau, nan anviwon 5 è nan aprèmidi.Dapre temwen yo atak la fè yon lòt viktim tou, papa Doktè Pierre, ki te akonpaye l, te blese grav nan pye yo epi yo te transpòte yo nan yon lopital nan kapital men Doktè Deborah Pierre  malerezman, pa t 'siviv, dapre plizyè doktè ki afekte ak pèt trajik sa a.

Deborah Pierre te fòme nan Inivèsite Notre-Dame dAyiti e li te espesyalize nan Iroloji. Li te pase sis mwa nan sid Florid pou  fini espesyalizasyon nan pwogram Sante Bladder ak Uroloji Rekonstriksyon .Doktè a,se youn nan kèk espesyalis nan iroloji ann Ayiti.

Dapre temwen yo se manm koalisyon teworis "Viv ansanm" ki responsab krim odye sa a e ki femen kapital la anba vyolans depi 3 twa.Anpil pwofesyonèl  nan sante lanse yon apèl ak otorite yo pou yo pran mezi ijan devan ensekirite sa a ki kontinye ap fè viktim .


Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article