Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens ,Ayiti,11 novanm 2024-Tinouvel.com
Ayiti-Politik
Garry Conille ,"You Fired "(ou revoke)
Prezidan Donald Trump renmen sèvi avèk eslogan sa a:"You Fired (ou revoke), yon slogan li te envante nan emisyon telereyalite a "The apprentice".
Anplwayè a ,oubyen patwon itilize esoglan sa a pou fè konnen li revoke yon anplwaye nan pòs li, anjeneral revokasyon sa fèt nan kontèks negatif tankou enkonpetans, malfezans, oswa ensibòdinasyon.
Ann Ayiti, an me 2024 CPT (Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon ) nonmen Premye Minis la e te valide deklarasyon politik jeneral li.KPT ki jou sa te jwe wòl otorite ki gen pouvwa pou nonmen li e te enstale nan Primati a. Depi jou sa a relasyon ak manm Konsèy la te toujou konplike.
Sèten konseye repwoche li te vle kraze KPT a ,yo repwoche l patisipe nan imilasyon konseye prezidan Leslie Voltaire nan Nouyòk.Konseye prezidansyèl yo repwoche awogans ak ensibòdinasyon Conille.Yo di li enkapab e enkonpetan kòm Premye Minis pou bay rezilta nan peryòd difisil la.
Nan dwa Ayisyen otorite nominasyon ,se otorite revokasyon e se sa ki eksplike CPT pa gen lòt chwa revoke Premye Minis apre yo vinn konstate Garry Conille te refize ranvwaye 3 minis CPT yo te jije endesirab e e pa fè okenn efò pou netralize gang pwisan yo .
CPT revoke Dimanch 10 novanm 2024, Garry Conille apre sèlman 6 mwa nan biwo kòm Premye Minis nan yon rezolisyon 8 sou 9 manm te siyen,sèl Konseye Prezidan Edgard Leblanc ki pat siyen.
Finalman ,aprè anpil traktasyon rezolisyon pou revoke Premye Minis Garry Conille pibliye dimanch 10 novanm sa a nan jounal ofisyèl peyi Dayiti (Le Moniteur ), e lendi arete pou nonmen biznisman Alix Didier Fils-Aimé, 52 lane Premye Minis ap pibliye.
Sa fè dezyem fwa Garry Conille te revoke .An 2012, Prezidan Michel Martelly te revoke l apre sèlman 4 mwa pou awogans .
Men fwa sa a, Garry Conille refize demisyone. Nan yon lèt li voye bay direktè Jounal la, li eksplike CPT pa gen pouvwa pou voye l ale .Nan lèt la Conille te vle piblikman konteste legalite revokasyon li an.
Dapre Konstitisyon an, "se sèlman palman ayisyen an ki ka revoke Premye Minis la." Pèp Ayiti pa eli okenn dirijan dapre yon lèt li te ekri Ronald St Jean pou bay li lòd pou li pa pibliye rezolisyon .
Nan sikonstans nòmal, Konstitisyon ayisyen an bay Palman an dwa pou revoke yon premye minis e se pa yon konsèy pwovizwa ki ta gen otorite pou ranplase yon premye minis. Sepandan, pa gen okenn Palman kap fonksyone ni pa gen prezidan eli demokratikman an plas men se konsèy prezidansyèl la kap jere tranzisyon Ayiti pou evite tonbe plis enstabilite yo deside opere nan kad prensip otorite de nominasyon e se li ki otorite de revokasyon .
Prezidan aktyèl CPT Leslie Voltaire konfime bay Gazette Haiti yon lòt egzekitif pral monte e se Alix Didier Fils-Aimé ki pral dirije li enstalasyon an ap fèt lendi 11 Novanm 2024 pou kontinye tranzisyon an .
Nap raple Alix Didier Fils-Aimé se te chwa sektè prive ayisyen nan monan yo tap chwazi yon premye minis.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com