Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Nouyòk ,Etazini,7 novanm 2024-Tinouvel.com
Dosye eleksyon 2024 Etazini
Imigrasyon ,Rayi fanm ,transganr,genosid nan gaza ... kèk nan kòz ki fè Donald Trump retounen nan Mezon Blanch lan,dapre Evens Dubois
Milyadè a retounen nan Mezon Blanch lan kòm yon vre sivivan , yon mirakile pou yon dezyèm manda.Donald Trump eli 47yèm Prezidan Ozetazini.Li fè yon veritab rad mare, li pouse do kandida Kamala Harris ak tout Demokrat yo sou kote.Li ranpòte "swing states"eta kle " , pi popilè e pi enpòtan tankou Pennsylvania, Georgia, Carolin di Nò epi finalman Wisconsin.
Li fè yon total 277 gran elektè kont rival li Kamala Harris 224 gran elektè, nan eleksyon Ameriken 5 novanm 2024.Vòt popilè ,Sena, kongrè tout pou li.
Pou patizan li yo retou triyonfal Donald Trump nan Mezon Blanch lan se pi gwo "come back politik "nan istwa Etazini dAmerik .
Sa k pase nan nwit Madi a Mèkredi,pou jounalis veteran Evens Dubois:"Se pa yon bagay ki senp."Sa fèm konprann eleksyon Obama te yon aksidan istorik", li te kontinye pou di:"Viktwa sa reveye perèz ki te stoke kay blan yo".
Pwomosyon pou lide rasis ak konplotis "gran ranplasman "
Malgre Kandida Repibliken an tap delire pandan kanpay la, malgre li se yon mantè patante , senofòb e li otoritè ,popilarite li pa chanje pou otan,li rete menm jan ak 2016 oswa 2020 e pirèd li ogmante an 2024 .
Selon ansyen jounalis Le Nouvelliste la ,kandida prezidansyèl la,Donald J Trump te pwopaje anpil rimè "gran ranplasman " nan tout rasanblemam li yo.Se yon lide rasis ak konplotis ekriven ekstrèm dwat Renaud Camus te popilarize l nan kòmansman ane 2010 yo li tap fè referans ak yon swadizan pwosesis pou ranplase Ewopeyen yo oswa "natif natal" franse pa imigran ki pa Ewopeyen yo, sitou sa ki soti nan peyi Lafrik yo.
Dapre Dubois rimè "gran ranplasman " Trump tap ankouraje a te al tonbe lan zòrey moun soud" e" rimè gran ranplasman an te senpman reveye perèz pou yon envazyon immigre Ayisyen,Meksiken ak Afriken nan Tazini tout pawòl sa yo ranfòse dezi yon gran pati nan elektora ameriken pou yo pou revoke Kamala Harris yo kwè ki responsab danje imajinè sa a.
Demokrat yo gwo responsab pwòp echèk yo nan eleksyon sa yo
Selon Dubois, Demokrat , espesyalman Kamala Harris te minimize 3 dosye enpòtan nan kanpay la:
1-Imigrasyon (sak pase sou fwontyè Meksik, ak tout konotasyon rasis sa charye deyel)
Pandan eleksyon prezidansyèl Ozetazini, tèm migrasyon an se yon gwo anjeu nan kanpay la, li te bay anpil pwoblèm kay elektè yo. An 2023, 2.5 milyon moun te travèse fwontyè Meksik ak Etazini "Mennsi migrasyon nan fwontyè nò a (Meksik ak Etazini) te bese a 75% ant Desanm 2023 ak jodi a,"dapre presidante Meksiken an Claudia Sheinbaum.
Demokrat yo pat wè anplè prezans migran yo nan lari New York,Boston elatrye Kamala Harris te kwè nan mounite ameriken yo e te pwomèt sèlman li pral ranfòse kondisyon pou antre Ozetazini men elektè yo tap tann yon repons fèm.
Pou Dubois Donald Trump an bon demagòg te eksplwate sitiyasyon sa a :"Nan dènye jou kanpay li a, kandida Repibliken an te leve vwa li e menase pou enpoze yon taks 25% sou enpòtasyon Meksiken "si yo (ofisyèl Meksiken) pa kanpe vag kriminèl ak dwòg kap antre nan peyi nou an."Trump te anonse li "pral voye tounen anpil imigran san papye .
"Strateji jisko boutis sa a mache lakay patizan zele Trump ki se blan klas mwayen defavorize enivo edikasyon ba te pare pou al vote pou stope anvayisman peyi yo, chos di chos fè moun ki pi priyokipe nan dosye imigrasyon vote 100 % pou Trump nan schema Evens Dubois te poste sou paj Facebook li.
Pawòl senofòb, rayisman sa yo grandi popilarite Trump pami menn imigre latino ,black ameriken e menn Ayisyen ki chwazi al vote pou li pou bare imigre parèy yo.
2- kesyon moun transganr yo, moun kap chanje sèks
Dwa LGBTQ+masi madi ,moun transganr yo sa vle di moun kap chanje sèks se te youn nan tèm prensipal kanpay sa a menn jan ak ak avòtman, imigrasyon ekonomi te nan kè kanpay elektoral sa a e yo te polarize elektè yo plis toujou.
Demokrat yo te konte anpil sou òganizasyon Trans yo , Masi Madi pou to ede l genyen eleksyon se te byen jwe mal kalkile.Yo pat kalkile enpòtans legliz konsèvatè yo ki di yo te kanpe an dènye ranpa pou bloke sa yo menn yo kalifye deriv sosyetal la .
Pandan yo tap karese òganizasyon rechèch endepandan ki tap soutni lwa anti-trans Kandida repibliken Donald Trump tap mache fè fo akizasyon anti-trans. Ekip Kanpay li a ak lòt gwoup Repibliken yo te depanse plis pase 21 milyon dola nan reklam televizyon anti-trans ak anti-LGBTQ+, ABC News rapòte.
Depi mwa Out, Repibliken yo te depanse yon total de 65 milyon dola nan piblisite sa yo nan plis pase yon douzèn eta, dapre New York Times.
3- Jenosid kap fèt lan Gaza ak lagè Ikrèn
Pwoblèm nan mond lan ", an patikilye Ikrèn ak Mwayen Oryan an gen konsekans sou kanpay elektoral la nan peyi Etazini ,selon Evens Dubois. Pou li menn Repibliken yo te enstrimantalize Lagè Izrayèl-Palestine.
Jenosid nan Gaza ki fè plis pase 186 000 moun mouri dapre Sit Lancet,li plis pase 38,300 Ministè Sante Hamas te anonse kote majorite nan yo se fanm ak timoun, plis pase de milyon moun deplase ak plizyè douzèn otaj toujou nan men Hamas se youn nan dosye Kamala Harris te mal negosye e ki te fè li menn ak Demokrat yo vinerab .
Entrizyon lagè Gaza nan deba elektoral te paralize Harris ak jwèt ekilibris li yo , sou bò goch jen ameriken pwo palestinyen yo ak elektè arab ak mizilman yo kap reklame pou kout zam sispann tire nan Gaza ak vòt jwif sou bò dwat li. Li pat janm pran yon pozisyon klè .
Donald Trump te pwomèt pou li fikse konfli san parèy ak ensèten sa a ki genyen nan Mwayen Oryan nan yon bat je.Li toujou montre li se yon sipòte pou Izrayèl e li te toujou ap repete nan ransableman li , ki se yon atou pou li genyen vòt jwif ak arabomizilman yo an menn tan .Demokrat yo menm tap takiya.
Nan dosye operasyon Ris nan Ikrèn ,Demokrat kontinye ap founi Ikrèn zam ak lajan pou kontinye goumen ak Laris tout sa a ap epapiye vòt elektora jen anti gè yo.Ak manti ansanm ak blòf Donald Trump pwomèt yon "lapè jis" pou fini ak Gè sa a. Trump Sou Fox News, te eksplike nan yon sèl jou li pral mete fen nan lagè nan Ikrèn .
Donald Trump te di li gen "bon relasyon" ak prezidan Ikrenyen ak Ris, Vladimir Zelensky ak Vladimir Putin, lap fòse yo chita bò tab pou negosyasyon "pandansetan Administrasyon Biden kontinye ap alimante konfli a.
"Etazini pa pare pou yon prezidan fanm"
Nan eleksyon prezidansyèl ameriken 2024 yo,divizyon sèks (janr) la parèt tout tèt li nan kanpay la ,ekspè politik Ameriken yo te panse moman an bon pou fè Kamala Harris premye prezidan fanm nan listwa peyi tonton sam lan ,demokrat te konte sou 53% nan vòt fanm ki pral vote pou Kamala Harris dapre yon dènye sondaj Inivesite Suffolk te fè men Evens Dubois pa pataje lide sa a e li konvenki estratèj demokrat yo regrèt strateji sa a :"Epi sosyete Meriken an pa pare e poko pare pou yon fanm , yon nwa ta chita sou chez boure a".
Dubois an gwo kwè ," se yon melanj mizojini, rasis, zenofobi ak kretinis Demokrat yo ki kondui a sa m wè la."
Mennsi kòmantè mizojin yo sanble mwen dominan jodi a, sa pa vle di sèksis pa egziste ankò nan peyi Etazini. Sondaj YouGov la montre 14% nan moun yo kesyone toujou kwè politik pa fèt pou fanm.Gason ameriken yo blan, latino kou nwa anpil nan yo sèksism pito Etazini disparèt olye pou yo ta pran yon fanm prezidan.
Pou fini Dubois gen yon dout mwen reyèl ,li kwè Donald Trump pa fini manda l kom 47yèm Prezidan Ozetazini :"Tout lide m di m tou Donald Trump ka yon Prezidan an tranzisyon. "Pagen anyen ki di w apre yo fin sèvi ak li, yo pap voye l jete."Eske se pa yon senp vizyon konplotè jounalis genyen lakay li oubyen se paske Mesye Trump te mete Pati Repibliken a jenou epi febli tout kont-pouvwa enstitisyonèl yo.
Li kwè gen mouvman san li pa nonmen yo ki dèyè konplo sa a e li ekri " Pouvwa ka vin lanmen Vance ki pi ekstremis toujou.Anyen pa dwe etone nou lan Amerika".Se yon lòt mond ki pral koumanse.Peyi a leve ak yon leta Repibliken… pou malèl. Pafwa saw mande ou jwen li …ak benefis.."
Nap mande menn jan ak GayleKing Jounalis ABC: Lè Donald Trump pran Mezon Blanch lan ,Repibliken yo kontwole Chanm depite ak Sena ,ak yon Kou Siprèm ki gen yon majorite konsèvatè, "ki sa k ap pase ak konsèp yo rele chèk ak balans?"
"Se pa sèlman Donald Trump. Gen yon mouvman politik kounye a ki pratikman ap sipòte kèlkeswa enpilsyon ak derive li yo" GayleKing te twite.
Jan Evans Dubois te ekri napaj facebook li a :"Chinwa ak Iranyen dwe ranke kò yo"Eske Donald Trump ka tounen yon menas pou tou peyi ,tout gwoup ki kont pwojè sa a?
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com