Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Jeyan nan mizik,  Quincy Jones  mouri a 91 nan

Jeyan nan mizik,  Quincy Jones  mouri a 91 nan
Jeyan nan mizik,  Quincy Jones  mouri a 91 nan
Jeyan nan mizik,  Quincy Jones  mouri a 91 nan
Jeyan nan mizik,  Quincy Jones  mouri a 91 nan
Jeyan nan mizik,  Quincy Jones  mouri a 91 nan
Jeyan nan mizik,  Quincy Jones  mouri a 91 nan
Jeyan nan mizik,  Quincy Jones  mouri a 91 nan
Jeyan nan mizik,  Quincy Jones  mouri a 91 nan

Los Angeles,Etazini ,4 Novanm 2024-Tinouvel.com


Move Nouvèl-Nouvèl Lanmò Selebrite


Jeyan nan mizik,  Quincy Jones  mouri a 91 nan


Quincy Jones, pwodiktè mizik, lejand ki te travay ak Frank Sinatra ak Michael Jackson, mouri a 91 lane  dimanch 3 novanm lakay li nan Los Angeles, bò kote fanmi li ,dapre Associated Press (AP).

Atache près li Arnold Robinson,  konfime move Nouvèl:"Aswè a, ak kè sere, nou dwe pataje nouvèl lanmò papa nou ak frè nou Quincy Jones," fanmi an te anonse nan yon deklarasyon. "Se yon pèt enkwayab pou fanmi nou, men nou selebre  lavi li te viv la e nou konnen pa janm gen yon lòt tankou li,"nou te li nan nòt la.

Quincy Jones se yon vrè lejand nan mizik pop la, twonpetis, konpozitè ,pwodiktè mizik ak imanitè te gen 28 Grammy Awards,pami yo pri  pi bon albòm pou ane 1991 pou "Back on the Block", se te yon gwo travayè  nan estidyo a, li te gen metriz pou jere ego atis yo pandan tout karyè li kote li te kolabore ak pi gwo atis yo.

An 1985, ansanm ak chantè Lionel Richie li te lanse pwojè "We Are the World", yon tit ki te rasanble Michael Jackson, Bruce Springsteen, Ray Charles, Diana Ross ak Bob Dylan nan menm estidyo pou ranmase lajan kont grangou nan Etiopi.

Andeyò mizik, Quincy Jones te   nan endistri sinema  tou , li te ko-pwodwi "The Color Purple"",La couleur Pourpre" , yon dram  Steven Spielberg te dirije  epi Danny Glover ak Whoopi Goldberg te jwe wòl prensipal yo .

Li nan kreyasyon seri televize "The Fresh Prince of Bel-Air"Prince de Bel-Air", ak Will Smith, ki tap lanse karyè aktè a.

Quincy Jones te konn fwote ak pi gwo atis 20yèm syèk la, li te manje sou menn tab ak Pablo Picasso, li te rankontre Pap Jan Pòl II e li te nan selebrasyon 90yèm anivèsè nesans  Nelson Mandela.

Pi gwo kolaborasyon li te kòmanse nan fen ane 1970 yo ak Michael Jackson e te pwodwi twa albòm lejand: "Off the Wall" an 1979, "Thriller" an 1982 ak "Bad" an 1987.

Li se moun Chicago, Quincy Delight Jones Jr. te manyen plizyè enstriman nan lekòl li pou finalman li  konsantre sou twonpèt la  li te gen 14 zan le li te  rankontre Ray Charles ki te de ane anplis e ki pot koni  ak se  li te aprann fè aranjman ak konpozisyon nan Seattle.

Li te jwenn yon bous pou etidye nan Berklee School Music nan Boston, li te kite kolèj la pou l  te akonpaye gwoup jazzman Lionel Hampton a kòm  twonpetis nan ane 1950 yo.

Apre yon toune Ozetazini ak Ewòp, li te gen anpil dèt epi li te antre nan konpayi rekò Mercury Records nan New York e li te vin youn nan premye direktè nwa konpayi an.

Quincy Jones te pibliye premye single li an 1964 "It's My Party" e li te soufri premye kritik li nan men purist djaz ki te akize l kòm yon vandu.


"li te reponn yo nan magazin Rolling Stone:" Motivasyon nenpòt atis, kit se Stravinsky oswa Miles Davis, se fè mizik  li vle epi pou tout moun achte l" 

Li te rete trè aktif pandan tout karyè li, lanse pwòp etikèt mizik li Qwest ak yon magazin rap Vibe ansanm ak reyalize  anpil pwojè imanitè.

Quincy Jones te marye twa fwa e li te gen sèt timoun.

Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article