Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Medsen San Fwontyè  (MSF)  revolte apre  lapolis  atake  yon anbilans epi ekzekite plizyè pasyan

Photo : Msf

Photo : Msf

Pòtoprens ,Ayiti,13 novanm 2024-Tinouvel.com  

Ayiti-Vyolans lapolis


Medsen San Fwontyè  (MSF)  revolte apre  lapolis  atake  yon anbilans epi ekzekite plizyè pasyan

 

Medsen San Fwontyè (MSF) kondane ak tout fòs, lanmò plizyè pasyan, dapre Kominike pou laprès manm yon brigad vijilans ak ajan lapolis yo kanpe yon anbilans MSF epi   egzekite pasyan ki te anndan anbilans lan.


Nan dat 11 novanm 2024, yon anbilans MSF, ki t ap transpòte twa jèn ki te blese ak bal, lapolis ayisyen te bloke  anbilans lan nan anviwon yon santèn mèt  lopital MSF nan Drouillard e li te fòse yo transfere blese yo nan yon lopital piblik nan Pòtoprens.

 

Apre yon tantativ arestasyon ak anpil kout bal anlè , lapolis te  eskòte anbilans lan nan lopital La Paix. Sou plas, ofisye lapolis yo ak manm yon gwoup oto-defans te ansèkle anbilans lan,fè twou nan kawotchou yo ak voye gaz sou pèsonèl MSF yo ki te andedan veyikil la pou fòse yo soti. Aprè sa a, yo mennen blese yo yon ti kras pi lwen, deyò lakou lopital la, kote yo te touye omwen de nan yo.

Yo te te atake ,joure, gaze Anplwaye MSF nan anbilans lan , fè vyolans sou  yo, fè menas lanmò sou yo epi kenbe yo kont volonte yo pou plis pase katrètan, anvan yo te pèmèt yo kite espas lan. Anbilans MSF la te andomaje, li pa t ka roule ankò , e tout ekip la te ale nan yon dezyèm machin.

 

Christophe Garnier, Chèf Misyon deklare, “Ak sa a ekstrèmman vyolan pou pasyan yo ak   anplwaye medikal MSFyo , e li  mete an kesyon anpil  kapasite MSF pou l kapab bay popilasyon ayisyen an swen esansyèl li manke anpil.

 

"Ekip nou yo ak pasyan nou yo bezwen yon minimòm sekirite pou kontinye bay swen medikal."

 

Msf se yon òganizasyon imanitè k ap sèvi popilasyon ayisyen an, ki reponn ak bezwen medikal popilasyon an nan sante prensipal, tromatoloji, sante matènèl ak timoun, ak tretman vyolans seksyèl. Nou mande otorite yo ansanm ak tout moun ki konsène yo pou yo respekte dwa pou jwenn swen medikal, san diskriminasyon ni antrav, e pou garanti pwoteksyon pasyan yo, ansanm ak respè pèsonèl medikal ak estrikti swen sante yo devan vyolans k ap ogmante. 


Kominike pou laprès Medsen San Fwontyè


tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article