Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Nouvo otorite ayisyen yo  poko louvri  ankèt sou atak avyon yo nan Pòtoprens

Nouvo PM Alix Didier Fils-Aimé ak Konsèy prezidansyèl   tranzisyon
Nouvo PM Alix Didier Fils-Aimé ak Konsèy prezidansyèl   tranzisyon

Nouvo PM Alix Didier Fils-Aimé ak Konsèy prezidansyèl   tranzisyon

Pòtoprens ,Ayiti,12 novanm 2024-Tinouvel.com

 

Ayiti-Ensekirite


Nouvo otorite ayisyen yo  poko louvri  ankèt sou atak avyon yo nan Pòtoprens


Yon jou  aprè fisiyad sou   avyon komèsyal ameriken  Spirit Airlines NK951 pandan li t ap eseye ateri nan ayewopò Pòtoprens la nouvo PM Alix Didier Fils-Aimé ak Konsèy prezidansyèl   tranzisyon an poko bay lòd pou otorite lajitis ak lapolis mennen yankèt pou dekouvri otè entelektyèl,egzekitan ak konplis atak  sou plizyè vòl komèsyal .


Selon premye enfòmasyon se de avyon kite vize ,JetBlue ki ta pral New York ak  Spirit Airlines ki te soti  Florid, te resevwa anpil kout bal ann Ayiti. Sepandan American Airlines  anonse  vòl 819  Pòtoprens / Miami te pran bal nan fiziyad lendi 11 Novanm lan  .Men okenn pasaje pat blese


Se pat yon sekrè pou otorite ayisyen yo ,gang ame Viv ansanm  te anonse depi dimanch 10 novanm lan, yo pral menmen diferan  atak sou kapital la, yo te menm mande pou tout moun rete lakay yo ,men Minis Enteryè e chèf gouvènman Conille ak Lapolis pat fè anyen pou asire popilasyon an epi pou  byen pwoteje espas aweryen peyi dayiti.


Yon lòt kote Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal la pat ede fòs nasyonal yo sekirize ak pwoteje Ayewopò Pòtoprens lan ki se nouvo sib Bandi ame yo ki gen gen kapasite pou paralize peyi a jan yo vle lè yo vle e lè yo mande yo .


Nouvo Premye Minis la, Mesye Fils Aimé,nan diskou envestiti li te fikse kòm priyorite retablisman sekirite, libète pou moun sikile(.....)poko menm fè yon deklarasyon sou fiziyad epi pou anonse mezi nesesè pou  ranfòse ak pwoteje sib vilnerab yo, avyasyon sivil ak sekirite maritim.


Selon yon ekspè an sekirite nou te kontakte  nouvo gouvènman dwe pran yon Rezolisyon pou deklare gwoup ki revandike atak la kòm gwoup  teworis e mande Nasyonzini pou  deziyen tou kòm gwoup teworis .


"Li dwe  pran mezi apwopriye pou kontre  atak teworis yo", li te ajoute pou redaksyon nou."Leta ayisyen atravè Conatel anpeche  ak kontrekare teworis yo itilize teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon tankou rezo sosyo pou pwopaje mesaj rayisman yo an.


Li souhete "nouvo gouvènman ap konvoke ansyen premye minis Garry Conille ki te minis enteryè pou bay eksplikasyon sou menas yo e ki mezi li te pran pou anpeche atak gang yo ".


Atak bandi yo sou JetBlue, Spirit Airlines ak American Airlines pral gen gwo konsekans sou ekonomi peyi dAyityi, li deja provoke fèmti ayewopò Toussaint Louverture ,plizyè avyon komèsyal  kanpe tout vòl yo sou Ayiti pami yo American Airlines ki kanpe vòl ale retou sou Ayiti "pou twa mwa". Vòl li yo ka reprann 12 fevriye 2025.Administrasyon Federal  Aviyasyon (FAA)  anonse li entèdi tout vòl avyon Ameriken rantre ou sòti   Ayiti.


Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article