Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Operasyon Lapolis: 2 Bandi tonbe, yon zam sezi nan baz Barbecue.

 Operasyon Lapolis: 2 Bandi tonbe, yon zam sezi nan baz Barbecue.
 Operasyon Lapolis: 2 Bandi tonbe, yon zam sezi nan baz Barbecue.

Pòtoprens, Ayiti - 22 novanm 2024 -Tinouvel.com 


Ayiti-Operasyon Lapolis


Operasyon Lapolis: 2 Bandi tonbe, yon zam sezi nan baz Barbecue.


Lapolis Nasyonal mennen yon operasyon  nan bas Delmas yè jedi 21 novanm nan. Inite  spesyalize PNH tankou Gwoup Entèvansyon PNH (GIPNH/SWAT) ak Kò Entèvansyon ak mentyen lòd (CIMO), te penetre nan fyèy kowalisyon kriminèl "Viv Ansanm" Jimmy Cherizier alyas Barbecue ap dirije,dapre yon nòt Direksyon Depatmantal Lwès Lapolis la mete deyò, jodi vandredi 22 novanm 2024 la.

Pandan  operasyon sa a lapolis nasyonal di ajan nan DDO I  touye plizyè bandi pami yo "Ti Chinay" ak "Ti Dyab", nan echanj kout zam ak lapolis.


"Ti Dyab" se yon bandi ki espesyalize nan vòlè  kamyon kap transpòte gaz ak pwodwi alimantè .


De moun sa yo dapre nòt la se te 2 manm aktif nan kowalisyon kriminèl "Viv Ansanm" epi pwòch  kolaboratè lidè gang Jimmy Cherisier alyas Barbecue.
Pandan operasyon sa a, PNH la te sezi yon zam manch long mak Kalashnikov.


Jimmy Cherisier sove de jistès 


Chèf Gwoup teworis Jimmy Cherisier, ki te sou plas nan  operasyon an, te sove dejistès anba kout bal lapolis e  te  kouri kite sou plas  yon Kalashnikov ki te nan men li, dapre nòt  PNH lan.

Pou fini lapolis anonse  batay kont krim òganize sou tout fòm ap kontinye , yon fason pou yo mete bandi yo K.O.


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article