Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Sendomeng - 18 novanm 2024 -Tinouvel.com
Repiblik Dominiken -Trafik zam ak minisyon
Operasyon Pandora: Ki sa nou dwe konnen sou rezo kriminèl kap vòlè bal kay vwazen
Jounalis Iluminada Muñoz te anonse Nasyonzini te avèti Repiblik Dominikèn kèk manm gang pakè dominiken te arete se polisye nan Polis Nasyonal Dominiken an.Li te dekouvri rezo kriminèl polisye dominiken sa yo vòlè zam ak minisyon pou yo ka vann yo bay moun ou byen bay manm gang ayisyen.
Devan alèt misyon Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ann Ayiti ,ajans entèlijans Eta Dominiken yo te louvri yon ankèt .
Otorite Dominiken yo lanse yon operasyon pou kraze rezo a.
Depi samdi 15 novanm pase ,lajitis dominiken arete nèf manm Polis Nasyonal la ak yon sivil epi akize yo ,vòlè plis pase 900,000 pwojektil nan ajans lapolis e yo ap tann yo enfòme sou sanksyon yo gen pou pran.
Eskandal koripsyon administratif anndan Lapolis dominiken an frape tout zile lè nou konnen se pa banm e pa pakèt zam ak minisyon ki soti lakay vwazen ap rantre an kontrebanm nan peyi Ayiti pou vinn ogmante klima ensekirite lakay nou sitou nan Pòtoprens.
Men ki sa nou dwe konnen sou opresyon sa a?
Pandora se yon operasyon otorite dominiken yo lanse pou yo demantle rezo kriminèl ak koripsyon nan enstitisyon piblik an Repiblik Dominikèn.Operasyon Pandora ta parèt kòm yon egzanp transparans ak angajman pou pirifye , netwaye enstitisyon kowonpi kay vwazen an.
Apre denonsiyasyon jounalis la ,otorite oblije piblikman rekonèt polis nasyonal dominiken se youn nan yon kò ki kowonpi nan Sen Domeng .
Prezidan Luis Abinader oblije pale e fè l pase tankou fwit operasyon pandora e lè konsiderel tankou yon evènman "san parèy" yon demantèlman ki reyalize gras ak Operasyon Pandora, yon rezo entèn nan polis nasyonal la ki te nan vòlè bal.
"Se premye fwa Lapolis Nasyonal ak Ministè Enteryè atake koripsyon administratif anndan Lapolis. Sa pa janm rive anvan nan Lapolis e "Se yon pati nan mesaj zewo enpinite nan tout nivo." nan gouvènman an", te deklare prezidan an pandan yon konferans ak la Près.
Lajistis gen jiska lendi 18 Novanm 11 p.m. pou akize moun ki enplike nan Operasyon Pandora an.Li gen pou depoze akizasyon fòmèl kont nèf manm Polis Nasyonal la ak yon sivil ki enplike nan sa yo rele Operasyon Pandora. Yo dekouvri yon rezo kriminèl ki t ap opere nan enstitisyon an, se Kolonèl Narciso Antonio Féliz Romero, responsab pou veye zam ak minisyon ki ap dirije l.
Akize yo ak wòl yo
Pami moun ki enplike yo gen ofisye wo grade ak ajan diferan grad, ak yon sivil:
- Kolonèl Narciso Antonio Féliz Romero, responsab zam an katye mèt la.
- Juan Miguel Pérez Soler, majistra adjwen.
- Kapitèn Nelson Valdez, responsab depo zam, minisyon ak ekipman.
- Kapitèn Víctor Manuel Santos, yon responsab odit ki swadizan falsifye yon odit an fevriye pou kache vòl plizyè santèn minisyon.
- Sou Lyetnan Marino Antonio Rodríguez Toribio, amirye nan Direksyon Rejyonal Santral Cibao.
- Sèjan Majò Miguel Ángel Gómez Espaillat.
- Kaporal Juan Luis Díaz Medina.
- *Rasos Rubiel Martínez (aka "Escobar") ak Moreibin Medina Pérez.
- *Miguelina Bello Segura, sèl sivil ki enplike nan rezo a.
Ki jan yo te opere?
Lajistis la fè remake Kapitèn Santos, ki gen plis pase sis ane eksperyans kòm oditè nan Administrasyon Zam, se li ki ta manipile rezilta odit yo pou kache disparisyon plizyè santèn minisyon. Anplis de sa, li ta kolabore ak lidè rezo a pou eseye ankò manipile chif yo pandan ankèt la ap pwogrese, yon tantativ ki te bloke gras ak siveyans anketè yo.
Ankèt la ap pwogrese
Pandan Operasyon Pandora, otorite yo te sezi zam, bal, aparèy elektwonik, prèv dijital, ak dosye tranzaksyon ekonomik yo. Komisè Gouvènman fè konnen gen yon banm " prèv solid" yo pral prezante yo jij enstriksyon an.
Polis Nasyonal dominiken fè yon odit entèn e ankèt la revele gen vyolasyon disiplinè ak kriminèl grav. "Ka sa a montre kouman kolaborasyon entè-enstitisyonèl ka jenere rezilta efikas nan batay kont krim òganize," te di Ministè Piblik la.
Lajitis reaji vit
Plis pase 200 ajan ki soti nan inite espesyal Lapolis Nasyonal, Lapolis Prevantif ak Direksyon Santral Envestigasyon Kriminèl (Dicrim) te patisipe nan ekzekisyon Operasyon Pandora, ak plis pase 40 komisè gouvènman te fè fouy nan Distri Nasyonal la ak nan pwovens yo ,Santo Domingo, Santiago, Sánchez Ramírez ak Pedernales.
Lajistis Dominiken di yo te apresye angajman Polis Nasyonal l nan eta sa a ki te denonse aktivite sa yo e li te konsidere zafè sa a ta kreye yon presedan nan batay kont koripsyon anndan lapolis. "Nou konvenki zafè sa a pral make yon anvan ak apre," li te konkli.
Biwo Ministè Piblik la mande Lendi 18 mwa detansyon prevantif kont 10 manm swadizan rezo kriminèl ki kaze depo minisyon nan lapolis.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous Diario Libre
El Pregonero RD Iluminada Muñoz