Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Georgia,Etazini ,3 Novanm 2024-Tinouvel.com
Tinouvel ak AFP
Eleksyon Ameriken 2024:
"Se Ajan Ris yo ki " dèyè fo videyo yon fo ayisyen kap vote ilegalman pou Harris ,Larisi demanti
Sekretè Deta Georgia a, Brad Raffensperger, di gen yon videyo sou entènèt k ap sikile anpil ki kesyone validite mezi sekirite vòt nan Georgia,dapre li se "dezenfòmasyon " yon fo nouvèl ki gen anpil chans se tròl Ris( Brigad entènèt Ris, kap fè kòmantè ak dezenfòmasyon politik anonim sou Entènèt ) yo kreye li.
Videyo dire 20 segonn, toujou vizib sou X, montre yon nonm nan yon machin deklare deavan kamera a: "Nou se Ayisyen. Nou gen sis mwa depi nou te vini Ozetazini , epi nou deja gen sitwayènte Ameriken n ap vote pou Kamala Harris," anvan li te deklare li te vote nan plizyè konte epi montre plizyè lisans .Videyo te montre yon fo imigran ayisyen ki te vote plizyè fwa ak fo kat idantite Georgia.
Gen plis pase yon demi milyon ki bay opinyon yo sou Videyo , sa ki lakòz veksasyon ak konfizyon nan mitan elektè yo nan tou de kan yo kit andeyò ak nan eta sa a.
Otorite ameriken yo akize “ajan enfliyans Ris ” ki fabrike videyo dezenfòmasyonsaa pou vire lòlòj elektè yo .
Polis Federal la (FBI), Biwo Direktè Ransèyman Nasyonal la (ODNI) ak Ajans Sibèsekirite ak Sekirite Enfrastrikti yo (CISA) konfime akizasyon yo nan yon deklarasyon tet kole, ki afime ke "ajan enfliyans Ris ki fabrike yon fo videyo ki ta montre moun ki di yo se Ayiti yo ta fenk soti epi ki vote ilegalman nan plizyè konte Georgia.
Ajans sa yo mete aksan sou videyo sa a ki rantre nan kad yon seri aksyon Larisi te òganize pou "soulve kesyon san fondman sou entegrite eleksyon Ameriken yo epi pou gaye van divizyon nan mitan Ameriken yo".
Otorite Georgia yo te mande Elon Musk retire videyo a sou X
Mike Hassinger, yon pòtpawòl otorite Georgia yo , afime idantite yo prezante yo se fo e li pa posib moun yo nan videyo a vote nan Georgia. Brad Raffensperger te mande Elon Musk ak lòt platfòm yo retire videyo a, byenke li te toujou vizib sou rezo X la, kote mèt li se yon zele patizan Donald Trump.Elon Musk toujou ap twite fo nouvèl sou Kamala Harris e li te akte nan kanpay anti Ayisyen nan Springfield ,Ohio.
Semèn anvan an, ajans sekirite yo te deja idantifye yon lòt videyo dezenfòmasyon, ki te atribiye tou ak ajan Larisi yo, ki te swadizan montre yo tap destwi bilten vòt pa lapòs pou Donald Trump nan Pennsilvani.
Larisi demanti se yo ki ta dèyè fo videyo
Larisi te demanti samdi 2 novanm sa a se te yo ki fabrike fo videyo ki gen rapò ak eleksyon Ameriken yo, apre sèvis entèlijans Ameriken yo te akize li kòm responsab yon fo videyo ki montre yon imigran ki di li te vote plizyè fwa.
"Nou te pran nòt nan deklarasyon sèvis entèlijans Ameriken yo akize peyi nou an pou difize videyo fabrike sou vyolasyon elektoral Ozetazini. Nou konsidere akizasyon sa yo san fondman,” Anbasad Larisi Ozetazini te di nan yon deklarasyon ki te pibliye sou Telegram e Ministè Afè Etranjè Ris la te sikile tou.
Anbasad la anonse Moskou pa te resevwa "pa gen okenn prèv ki sipòte akizasyon sa yo lè nou te kominike ak otorite Ameriken yo."
Raffensperger, yon manm pati repibliken an te mete aksan sou enpòtans inite a e li te kwè pou Ameriken yo pa pèmèt move enfòmasyon divize yo . "Antanke Ameriken, nou pa ka kite lènmi nou yo sèvi ak manti pou divize nou ak febli lafwa nou nan enstitisyon nou yo ," li te deklare.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com