Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Paris,Frans - 20 novanm 2024 -Tinouvel.com
"Yo konplètman enbesil ! Yo pa ta dwe janm voye ale. PM lan te fomidab! ": Pawòl ensolan ak derespektan Emmanuel Macron yo
"Èske Prezidan franse Emmanuel Macron te panse li te yon babekyou ou byen nan yon pik nik ak ti zanmi? », lè li deside atake ak anpil mepri ak ensolans manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an apre yo fin revoke Conille.
Li te vle piblikman imilye otorite ayisyen yo nan yon videyo ki gaye anpil sou rezo sosyal yo Mèkredi 20 Novanm sa a, Prezidan Repiblik Fransè a Emmanuel Macron te dekri yo kòm "idiot".Li te di pawòl sa yo devan plizyè kolaboratè li sou yon pon an Frans an repons ak yon kesyon yon Ayisyen te Poze l:"Yo konplètman estipid (con)! Yo pa ta dwe janm revoke li. PM a te fomidab!"
Otokrat kaprisyeu jan jounal Politico konn kalifye li an pa janm konnen ki jan pou li pale moun e kontinye ap erè kominikasyon “Franchman, se ayisyen yo ki touye Ayiti. Nan kite trafik dwòg(...)"
Reprezantan Lafrans, an mèt kap bay leson te kontinye sou yon ton dirèk ak deplase "Epi gade sa yo te fè, premye minis la te supè, mwen defann li, yo revoke li. Li terib! Li terib! Mwen pa ka ranplase li" se tankou yon mèt kap egzèse pouvwa kolonyal sou sijè li yo .
Macron an bon defansè Conille te vle nou konnen li te mete l tout pwa li nan balans la pou te ede PM lan rete sou pouvwa ann Ayiti menn lè li pat regle anyen pou pèp ayisyen an,men li bliye an 2024 pa gen okenn politik neokolonyal franse Ayiti ankò menn jan ak 2004 lè la Frans tap finanse rebèl Guy Phillipe pou te anpeche Ayiti mande restitisyon ak reparasyon pou ranson endepandans lan. Li pa montre okenn respè pou Ayiti e vle pa Ayiti gen yen yon relasyon granmoun ak responsablite pataje ak Lafrans.
Politisyen yo absan men entènòt denonse pwopo yo
Medya Ayisyen yo pa fè anpil atansyon ak pwopo derespektan Emmanuel Macron yo.Li pa menn fè gran tit kèk swadizan gwo medya Ayisyen tankou Radio Metrople ,men nan media sou rezo sosyo ak radio Kiskeya aktayalite sa a te nan mitan edisyon nouvèl yo.Sepandan, reyaksyon gaye sou rezo sosyal yo.Anpil entènot monte sou entènèt la pou denonse pawòl Macron yo.
Mekontantman tap grandi nan mitan entènòt yo ki te santi yo dirèkteman vize ak fraz meprizab Emmanuel Macron, pou profèse Sonson Mathurin "Macron se yon wa (con )enbesil. Li tap pran po yon moun ki pi enbesil pase li". Pou metè ansèn, John Vanyan "Li te bon pou neyokolon yo" ,yo tap pale de Garry Conille, yon lòt entènot te kalifye Macron tankou yon "neocon".
Politisyen ak entèlektyèl Ayisyen renka pou reaji sou pawòl ensolan Macron yo.Eske pawòl sa yo se "yon non-sijè" ou byen yo pè pou anbasad la Frans pa sanksyone yo.
Ensidan diplomatik ?
Apre imilyasyon piblik, dirijan ayisyen poko janm reaji sou ti diskou prezidan franse , selon Marvel Dandin, Direktè jeneral Radio Kiskeya gouvènman ayisyen atravè Ministè Afè Etranjè an te dwe voye yon nòt pwotestasyon pou Quai d'Orsay e konvoke Anbasadè Franse ann Ayiti pi vit posib poul vinn bay eksplikasyon sou pwopo Macron anvan li pa tounen yon ensidan diplomatik .
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com