Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti ,11 Novanm 2024-Tinouvel.com
Ayiti -Politik
Tèks Blog" La loi de ma bouche"
Yon resepsyonis nan tèt Ministè dyaspora (MHAVE)
Se yon ansyen resepsyonis ki tap travay nan yon gwoup kap enpòte pwodwi trè koni ann Ayiti kote pwopriyetè li anba sanksyon entènasyonal pou sipò li ak gang yo ki kounye a nan tèt Ministè Ayisyen k ap viv aletranje . Li difisil pou imajine , chwa byen tonbe pou reprezante yon pati nan dyaspora a ki fè chèf gang yo tounen enfliyansè apresye ,kap voye pou yo zam ak minisyon nan kontrebann , epi jeneralman trete Ayiti kòm yon kote yo vinn pase yon moman nan otèl .
Sitwayèn E.J Kathia Verdier, ki fèk nonmen minis, montre sou pwofil li gen 12 ane eksperyans kòm resepsyonis nan Deka .Yon karyè ki sètènman respektab, men ki pa aplikab ak yon pozisyon estratejik ki mete dout lakay nou. Men , sa se chay la ,tròkèt la dèyè . Pwofil li tou mansyone yon "diplòm lisans" nan Gouvènans ak Administrasyon, san dat, nan Akademi Nasyonal Diplomatik ak Konsila (ANDC). Nan seksyon Lang CV li , Madam Verdier presize li pale angle.
Avèk yon sèl abone sou LinkedIn,lajè rezo pwofesyonèl li sanble limite menn jan kalifikasyon li afiche sou paj li. Men, pa gen pwoblèm, sa nou konnen yo pèmèt nou konprann li sètènman nan bon plas la .Anvan Deka, li te "asistan direktè" nan " Nos Petits Frères et Sœurs "pandan yon ane ak 11 mwa, soti mas 2010 rive janvye 2012. Yon eksperyans ki, san dout, te prepare l pou l metrize sibtilite diplomatik ak administratif yo nan nouvo pozisyon li - nan pwen li pat menn te ka vini nan pwòp enstalasyon li.
Yon nominasyon yon ninis konsa , sitou nan eta sipèkriz kap boulvese lòlòj nou , se yon endis klè nan seryosite oswa sinik - lakay pouvwa a an plas. Chwa sa a voye yon mesaj klè: pou MHAVE, kote konpetans reyèl yo pa yon kritè. An griyendan konsa , ministè a vin tounen yon miwa pafè pou ti bout dyaspora sa a , menm jan ak nouvo reprezantan li yo, wè Ayiti tankou yon lye transit, yon kote moun vin pase yon ti moman - lè yo kite l,yo santi yo rasazye.
Yon ayisyen lokal
Notebyen
Nan moman redaksyon te vizite paj Linkedin J E Kathia Verdier men sa nou jwenn 67 Followers
Eksperyans
ANKA DISTRIBUTION
Ofisye Egzekitif anchèf
ANKA DISTRIBUTIONANKA DISTRIBUTION
Jiyè 2022 - Novanm 2024 · 2 ane 5 mwa Jiyè 2022 jiska Novanm 2024 · 2 ane 5 mwa
Cap-Haitien, Nord Department, HaitiCap-Haitien, Nord Department, Haiti
Sant Kretyen pou Lavi Piblik
Direktris Operasyon
Me 2019 - Novanm 2020 · 1 ane 7 mwaMe 2019 jiska novanm 2020 · 1 ane 7 mwa
Port-au-Prince, Ouest Department, HaitiPort-au-Prince, Ouest Department, Haiti
ANKA DISTRIBUTION
Ofisye Egzekitif anchèf
ANKA DISTRIBUTIONANKA DISTRIBUTION
2007 - 2009 · 2 ane 2007 a 2009 · 2 ane
Pòtoprens, Depatman Lwès, Ayiti